Konsèy Gratis pou Rekonstwi ak Reparasyon pou USVI

Release Date Release Number
93
Release Date:
February 28, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj—Pandan Abitan Zile Vyèj yo ap fè reparasyon oswa rekonstwi kay yo ki te domaje akòz siklòn yo, FEMA ap ofri konsiltasyon ak dokiman gratis sou fason pou fè kay yo vin pi solid ak pou elimine danje yo.

Koumanse 28 fevriye, espesyalis yo pral disponib pou reponn kesyon epi pou ofri konsèy pou amelyore jan kay yo bati ansanm ak bonjan metòd pou anpeche oswa pou redwi domaj dezas pidevan yo gendwa lakòz. Pifò enfòmasyon ak dokiman gratis yo adapte pou moun k ap fè reparasyon yo yomenm oswa pou antreprenè ak bòs ki responsab pou fè reparasyon yo.

Konseye yo ap disponib nan adrès ki make anba yo, nan dat ak lè ki endike yo:

Zile

Adrès

Dat yo

Orè

St. Croix

KA-MA-KRIS
47 Mars Hill Road

Frederiksted

28 fevriye – 5 mas

8è:30 a.m. pou 5è p.m.

St. Thomas

Coral World Ocean

6450 Coki Point Rd.

28 fevriye – 5 mas

8è:30 a.m. pou 5è p.m.


W ap jwenn plis enfòmasyon toujou sou fason pou ranfòse pwopriyete w nan https://www.fema.gov/protect-your-property.

Espesyalis FEMA yo kapab bay moun yon oryantasyon global konsènan politik pou asirans inondasyon epi ofri asistans teknik pou ede moun refè. 

Si ou vle kontakte FEMA, rele Nimewo Asistans lan nan 800-621-3362. Moun ki sèvi ak 711 oswa ki itilize Sèvis Relè Videyo (Video Relay Services) gendwa rele nan 800-621-3362. Moun ki sèvi ak TTY gendwa rele FEMA dirèkteman nan 800-462-7585. Gen operatè ki pale anpil lang ki la pou ede w. Gen moun pou reponn telefòn la soti nan 8è a.m. rive 12 p.m. (midi) è lokal, 7 jou sou 7, jiskaske nou fè yon lòt anons.

 

# # #

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

 

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

 

Tags:
Dènye mizajou