Gen Èd ki Disponib menmsi Sant pou Redrèsman aprè Dezas yo Fin Fèmen

Release Date Release Number
92
Release Date:
February 28, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj—Sant Redrèsman aprè Dezas yo fèmen kounye a, men Moun Zile Vyèj yo ki gen kesyon pou FEMA kapab jwenn repons: yo dwe senpman fè yon koutfil oswa konekte sou Entènèt.

Sivivan yo kapab rele FEMA gratis nan 800-621-3362. Moun ki gen yon pwoblèm pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Sivivan yo gendwa verifye nan ki pwen reklamasyon FEMA yo rive nan DisasterAssistance.gov. Kenbe nimewo enskripsyon FEMA ou toupre w lè w ap kontakte FEMA.

Si ou gen kesyon konsènan prè lajan ki gen yon enterè ki ba yo bay pwopriyetè kay, lokatè ak biznis, rele nimewo sèvis kliyan Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration) la nan 800-659-2955. SBA an gen de (2) Sant pou Redrèsman Biznis (Business Recovery Centers) ki louvri pou ede biznis yo, pwopriyetè kay ak lokatè yo ranpli aplikasyon pou prè lajan SBA yo. De (2) BRC SBA yo chita St. Thomas ak St. Croix nan adrès ki make anba la yo:

  • 8000 Nisky Center, Suite 720, Charlotte Amalie
  • 4100 Sion Farm Shopping Center, Suite 16, Christiansted
  • Orè travay pou toulede sant yo se: soti 8è a.m. rive 5è p.m. Lendi pou vandredi, ak 9è a.m. rive 2è p.m. samdi.

 

# # #

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou