Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini Fini ak Misyon Retablisman Kouran nan USVI

Release Date Release Number
88
Release Date:
February 14, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Zile Vyèj Ameriken reyisi atenn yon etap desizif tou dousman pou aktivite redrèsman ak rekonstriksyon yo. Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers, USACE) gen tan fini misyon li pou òganize kouran tanporèman pou etablisman kritik yo apre pasaj siklòn Irma ak Maria.

Tanpèt yo te devaste St. Croix, St. Thomas ak St. John, te enpakte plis pase 100,000 rezidan nan tout teritwa a. Apre pasaj siklòn yo, 100 pousan kliyan St. John, 85 pousan kliyan nan St. Thomas ak 92 pousan kliyan St. Croix yo pa t gen kouran. Etablisman leta esansyèl yo pa t ka mache ankò, kifè rezidan yo pa t kapab resevwa sèvis enpòtan.

FEMA te bay jeneratris kit e gen divès pwisans pou kapab fè etablisman say o te kapab mache epi li te mande Ekip Entèvansyon USACE (USACE Task Force) Zile Vyèj yo vin enstale yo. Lè sitiyasyon an te grav anpil, te gen 180 jeneratris ki t ap bay elekstrisite bay lekòl, estasyon polis, estasyon ponpye, izin tetman dlo sal, estasyon ponpaj dlo ak lopital – pami tout etablisman ki te jwenn kouran yo. 

98 pousan nan kliyan ki USVI gen kouran alèkile.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

 

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou