Gwoup ki Travay pou Redrèsman Alontèm yo Ede Satisfè Bezwen Popilasyon an ki Rete san Repons

Release Date Release Number
84
Release Date:
February 1, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Kat (4) mwa aprè dezas yo, sivivan siklòn Irma ak Maria kontinye gen bezwen ki gen pou wè ak dezas ki poko jwenn solisyon. Pou jwenn yon solisyon pou bezwen sa yo, manm òganizasyon lokal, asosyasyon karitativ ak kominotè ansanm ak patnè non-gouvènmantal yo ap mete tèt yo ansanm pou etabli Gwoup Redrèsman Alontèm (Long-Term Recovery Groups, LTRG) nan St. Croix, St. John ak nan St. Thomas.

Sèten sivivan ki te viktim siklòn yo pa satisfè kritèpou kalifye pou enskri nan pwogram èd pou dezas gouvènman an oubyen yo pral kontinye gen bezwen ki pa jwenn solisyon apre yo fin resevwa montan èd maksimòm pwogram sa yo bay. Se nan sitiyasyon sa a ke gwoup redrèsman yo jwen yon wòl enpòtan. LTRG yo se ekip ki bazen lokalman ki angaje pou siveye zile yo refè nètale.  Gwoup yo ap ede Abitan Zile Vyèj yo retire debri, bay fanmi yo manje epi fè reparasyon nan kay yo.

Ofisye Kowòdinasyon Federal, William Vogel, ki nan Ajans Federal Jesyon Ijans deklare: ‘’Estrateji redrèsman ki pi efikas yo konsantre sou òganizasyon lokal ki gen rapò solid ak kominote a. LTRG yo se yon pati entegral nan misyon an pou bay sipò epi pou oryante kominote yo k ap refè aprè dezas yo.”

Pwosesis redrèsman an kòmanse epi fini avèk manm kominote lokal yo. Pou sipòte ofisyèl Eta a ak lokal yo, epi pou ede rebati kominote yo pou yo pi solid toujou, Lyezon Ajans Volontè FEMA (FEMA Voluntary Agency Liaisons) yo ede etabli LTRG yo aprè dezas yo. Gwoup yo ki sou chak zile yo ap evalye kounye an bezwen sivivan yo ki nan kominote yo epi y ap ede yo jwenn asistans yo bezwen.

Pastè Gary Moore, prezidan LTRG St. Croix an di: “Misyon LTRG St. Croixan se pou ede manm nou yo ofri yon fason endepandan sèvis bay kominote a toulejou, epi bay sekou efikas ak sèvis pou redrèsman bay moun ki te viktim dezas la sou zile St. Croix. Pandan n ap tranzisyone kite faz entèvansyon pou ijans aktivite redrèsman alontèm aprè dezas, li enpòtan pou nou kowopere antanke lidè kominote a pou kominoe, kowopere ak kolabore pou yon avni ki pi solid ak rezilyan pou tout kominote St. Croix nou an.”

Gwoup yo ap sipòte sivivan yo nan plizyè fason. Gen kat (4) ekip entèvansyon aprè dezas AmeriCorps ki rive mwa sa a soti sou kontinan an pou sipòte LTRG yo sou tout twa (3) zile yo. LTRG an ki St. Croix te travay ak Egliz Moravyèn lan pou prepare yon enstalasyon pou mete Sant Kòmand AmeriCorps lan. Nou prevwa lòt Sant Kòmand St. Thomas ak St. John tou. Gen 75 manm ekip AmeriCorps ki pral ede netwaye labou ki nan kay yo, netwaye fèy, branch ak tout fatra vejetal ansanm ak lòt fatra toujou ki akimile nan lakou epi pou ede fè reparasyon nan kay yo.

LTRG ki St. Croix a te travay ak ekip Asistans Sivivan aprè Dezas (Disaster Survivor Assistance) FEMA an pou bay yon manm yon egliz lokal yon chèz woulant epi yon lòt LTRG te ede yon sivivan kote li te ba li yon pèltez pou yo te kapab retabli kouran nan kay sivivan an. Epitou gwoup yo te mobilize volontè pou ede fòme rezidan lokal pou montre yo nouvo konpetans pou yo kapab travay sou aktivite redrèsman ak rekonstriksyon pandan anpil tan toujou. LTRG yo pral kontinye ede moun travay men nan lamen pou sipòte aktivite rekonstriksyon kominotè yo epi jwenn solisyon pou rezoud gwo pwoblèm Abitan Zile Vyèj yo genyen aprè dezas yo.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

 

Tags:
Dènye mizajou