Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers) yo ap Fèmen Lendi pou Obsève Fèt Martin Luther King, Jr.

Release Date Release Number
79
Release Date:
January 11, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) yo ki toupatou nan zile yo pral rete fèmen lendi 15 janvye pou Fèt Martin Luther King, Jr.

DRC yo pral rekòmanse travay nòmalman jou 16 janvye. Moun ki te viktim siklòn Irma oswa Maria gendwa deplase ale nan yon DRC pou jwenn asistans fas-a-fas. Reprezantan ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ansanm ak Administrasyon TiBiznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA) disponib pou reponn kesyon epi pou bay enfòmasyon konsènan reklamasyon FEMA ak prè lajan SBA yo.

Sant redrèsman ak rekonstriksyon yo louvri soti 8è a.m. rive 5è p.m. lendi pou vandredi epi 9è a.m. jiska 2è p.m. chak samdi nan adrès sila yo:

  • St. John
    • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
    • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus: Dènye jou pou ale nan sant sa a se 13 janvye.
  • St. Croix
    • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley
    • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
    • Christiansted nan Old Post Office Building at Church and Company streets
  • St. Thomas
    • Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC&DD Kronsprindsens Gade
    • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233

Sivivan yo kapab tcheke nan ki pwen reklamasyon FEMA yo rive nan DisasterAssistance.gov oswa yo kapab rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Dideyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo sèvis kliyan SBA an se 800-659-2955.

 

Nimewo telefòn gratis yo ap mache soti 7è a.m. rive 11è p.m. (lè lokal) 7 jou sou 7 jiskaske nou fè yon lòt anons. Operatè yo pare pou ede sivivan yo nan anpil lang.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800- 462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou