Espesyalis Rediksyon Risk Espesyalis yo Ofri Konsèy sou Metòd pou Konstwi Kay ki Reziste Tanpèt nan St. Croix

Release Date Release Number
76
Release Date:
January 9, 2018

ST. CROIX, Zile Vyèj – Gen konsèy gratis ki disponib pou sivivan nan Zile Vyèj yo k ap netwaye ak rekonstwi aprè pasaj siklòn Irma ak Maria yo, ikonpri Teknik pou redwi domaj yo nan bilding, biznis ak pwopryete yo sizoka ta genyen lòt tanpèt pi devan.

Espesyalis Rediksyon Risk yo ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) yo ap disponib nan pwochen jou k ap vini yo pou reponn kesyon sou metòd konstriksyon ki pi solid. Travo rekonstriksyon oswa reparasyon yon kay aprè yon dezas kapab trè difisil, men si pwopriyetè kay yo gen bonjjan enfòmasyon, yo kapab bati ak metòd ki pi sekirize, pi entelijan ak pi solide kont dezas yo.

Kilè ak ki kote:

  • Home Depot, Barron Spot, St. Croix
  • 10 ­– 14 janvye
  • 17 ­– 22 janvye
  • 7è a.m. pou 5è p.m.

Yo pral ba w enfòmasyon sou fason pou netwaye mous ak mwazi aprè yon tanpèt ansanm ak konsèy sou fason pou pwoteje kay ou kont gwo van; pou fè sa, se pou w sekirize tèt kay yo ak sipò grasa materyo lou espesyal. FEMA ankouraje moun tanpèt la te afekte pou yo deplase vini nan sant la pou aprann faon pou prepare epi pou ede anpeche kay yo sibi plis domaj anvan yon lòt dezas rive.

Sivivan yo kapab tcheke nan ki pwen reklamasyon FEMA yo rive nan DisasterAssistance.gov oswa yo kapab rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki di pou tande epi ki itilize  TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Dideyo (Video Relay Service, VRS) gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo sèvis kliyan SBA an se 800-659-2955.

 

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou