Yo Ankouraje Òganizasyon ki pa pou Fè Pwofi yo Aplike pou Asistans Dezas anvan Dat Limit 29 desam lan

Release Date Release Number
NR 71
Release Date:
December 26, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Zile Vyèj Ameriken yo gen yon eritaj kiltirèl ki rich ak mize, achiv, bibliyotèk, sit akeyolojik ak distri istorik nan tout teritwa a. Anpil nan resous kiltirèl ki gen anpil valè sa yo te sibi anpil domaj pandan siklòn Irma ak Maria – epi yo gendwa bezwen reparasyon ki ijan pou sove dokiman istorik ak èvda yo.

Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan vle pou òganizasyon ki pa pou fè pwofi yo konnen gendwa gen èd pou ede yo refè ki disponib nan divès sous. Pou kapab benefisye tout tip asistans ki gendwa disponib yo, li enpòtan pou òganizasyon sa yo prezante yon Demann pou Asitsans Piblik (Request for Public Assistance, RPA) opre Ajans Teritoryal Jesyon Ijans Zile Vyèj (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) anvan dat limit 29 desanm lan.

Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan kalifikasyon founisè sèvis esansyèl ak kritik ak kalifikasyon òganizasyon karitativ prive yo, al gade nan Gid Pwogram ak Politik Asistans Piblik ki sou wèbsayt FEMA an nan https://www.fema.gov/public-assistance-policy-and-guidance

Kandida Aplikan yo dwe prezante dokiman sila yo:

St. Croix:

St. Thomas/St. John:

Malinda K. Vigilant-Messer Deputy Public Assistance Officer Office: 340-712-0335

malinda.vigilant@vitema.vi.gov

Renata Christian-West

Territorial Public Assistance Officer Office: 340-774-2244

renata.christian@vitema.vi.gov

 

Si se yon enstitisyon edikasyon, tanpri ajoute tou dokiman akreditasyon oswasètifikasyon Kontak gouvènman teritoryal yo dwe resevwa tout dokiman yo anvan dat limit 29 desanm lan.

###

 

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800- 462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org. Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

 

Tags:
Dènye mizajou