Dènye Jou pou Ale nan Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Center) ki Cotton Valley an se mèkredi 13 desanm

Release Date Release Number
NR-060
Release Date:
December 8, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Poutèt aktivite an bese nan Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Center, DRC) ki nan Estasyon Ponpye nan Cotton Valley nan St. Croix, dènye jou a pou ale nan sant la se mèkredi 13 desanm.

Sivivan siklòn Irma ak Maria yo gen wit (8) sit DRC ki rete yo gendwa vizite sou tout teritwa a. DRC yo ofri sipò fas-a-fas bay moun ak biznis ki te sibi domaj akòz pasaj siklòn yo. Espesyalis redrèsman yo ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) disponib pou ede nenpòt moun ki bezwen enfòmasyon oswa oryantasyon pou prezante yon aplikasyon.

Wit (8) sant redrèsman ki rete yo louvri soti 8è a.m. rive 5è p.m. lendi pou samdi nan adrès sila yo:

  • St. John
    • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
    • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus
  • St. Croix
    • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley
    • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
    • Christiansted nan Old Post Office Building nan kwen Church ak Company streets.
  • St. Thomas
    • Charlotte Amalie nan ansyen Scotiabank, 81 CC&DD Kronsprindsens Gade
    • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233
    • Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux

Sivivan yo pa bezwen deplase nan yon DRC pou kapab enskri pou resevwa èd FEMA. Sivivan yo gendwa enskri sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa yo kapab rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap pou pale oswa ki mal pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711-Relay oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Dènye mizajou