Asistans Dezas FEMA an p ap Afekte Sekirite Sosyal ni okenn Lòt Avantaj

Release Date Release Number
NR 044
Release Date:
November 9, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Sivivan siklòn yo ki resevwa asistans dezas federal p ap peye taks anplis, yo p ap pèdi avantaj Sekirite Sosyal ni avantaj andikape yo ni yo p ap dwe sibi okenn rediksyon nan avantaj yo pou lòt pwogram ki baze sou revni.

Abitan Zile Vyèy Siklòn Irman oswa Siklòn Maria afekte gendwa elijib pou sibvansyon  ki soti nan pwogram Asistan Endividyèl (Individyal Assistance) Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) pou lojman tanporè, reparasyon kay ann ijans, ranplasman pwopriyete pèsonèl ki domaje ansanm ak lòt bezwen ki gen pou wè ak dezas, tankou depans medikal, pou dan oswa pou transpò, asirans oswa lòt sibvansyon pa garanti. Kalifikasyon yon moun pou asistans pa depann sou revni li.

Sèvis Kolèk Taks (Internal Revenue Service, IRS) pa konsidere sibvansyon yo pa kòm revni anplis, kidonk yo p ap takes yo. Epitou, asistans dezas FEMA an p ap pran chans pou ak avantaj Sekirite Sosyal owa Medicare moun, epi li p ap afekte kalifikasyon yon aplikan pou resevwa avantaj Medicaid oswa avantaj manje SNAP.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, panse ke: “Yon prè lajan federal pa gen okenn efè sou avantaj oswa sous revni yon sivivan, kidonk pa ezite, epi enskri opre FEMA. Abitan Zile Vyèj yo pa bezwen sakrifye avantaj yo pou kapab resevwa asistans dezas FEMA an."

Abitan Zile Vyèj yo ki poko enskri opre FEMA kapab fè l nan nenpòt nan nèf Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers) yo ki nan tout zile yo, sou Entènèt nan www.DisasterAssistance.gov oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oubyen (TTY) 800-462-7585. Moun ki itilize 711-Sèvis Relè oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362.

Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers) you louvri soti 8è AM rive 5è PM lendi pou vandredi. Pou jwenn adrès yo, al gade nan http://asd.fema.gov/inter/locator/home.htm. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou