Sivivan Siklòn Zile Vyèj yo, Ou Kapab Ede Enspektè Lojman FEMA yo Lokalize Rezidans ou an

Release Date Release Number
NR 035
Release Date:
October 31, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Difikilte nan kominikasyon ki kontinye egziste nan tout Zile Vyèj yo fè ke li difisil nan sèten ka pou enspektè lojman FEMA yo kontakte sivivan yo pou kapab verifye domaj kay sivivan yo te sibi. Yon enspeksyon lojman se yon etap enpòtan pou jwenn prè lajan asistans bay sivivan ki elijib yo – epi gen plis pase 6,400 enspeksyon ki fin fèt jiskaprezan.

Abitan Zile Vyèj yo ki te enskri opre FEMA epi k ap tann yon enspektè lojman kontakte yo kapab ede etabli koneksyon sa a nan twa (3) fason:

  1. Vizite yon Sant Redrèsman apre Deazas (Disaster Recovery Center, DRC): Chak nan nèf (9) DRC yo ki nan Zile Vyèj Ameriken yo gen yon lis enspektè lojman FEMA, nimewo telefòn yo ak non aplikan ki enskri yo sipoze al vizite. Ou kapab ede pwosesis la lè ou deplase oumenm pou ale nan sant redèsman ki pi pre w lan epi ou mande non ak nimewo telefòn enspektè lojman an yo mete pou ou, epi apre sa ou rele moun sa a pou pwograme yon randevou. Kèlkeswa manm estaf DRC la kapab ede w fè sa.
  2. Voye yon tèks bay Enspektè Lojman yo: Sèten enspektè lojman ap eseye kontakte anplikan yo nan mesaj tèks, men sa te vin yon difikilte paske sivivan yo pa sèten si moun k ap voye mesaj tèks la se yon anplwaye FEMA ki lejitim. Men yon solisyon yo rekòmande pou pwoblèm sa a: si ou resevwa yon mesaj tèks nan men yon moun ki deklare li se yon enspektè lojman FEMA, reponn tèks la pou mande moun ki voye tèks la pou li tekste nimewo enskripsyon FEMA ou. Si moun lan tekste nimewo enskripsyon ou ki kòrèk, ou kapab kontinye pwograme enspeksyon lojman pou kay ou an. Sonje ou pa ta janm dwe voye ni bay pèsòn nimewo enskripsyon ou an paske se oumenm sèl ki genyen nimewo sa a – annik konfime si li kòrèk depi ou resevwa mesaj tèks la.
  3. Mete Enfòmasyon Kontak Ou Ajou: Si ou te chanje nimewo telefòn ou depi ou te enskri opre FEMA, tanpri mete enfòmasyon sa a ajou rapid depi sa posib. Ale sou Entènèt nan www.DisasterAssistance.gov oswa rele Nimewo Gratis nou an nan 800-621-3362 pou mesajri vokal, 711, oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service). Sivivan yo ki soud oswa ki di pou tande oubyen ki gen difikilte pale epi ki itilize yon TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman.

Lè enspektè lojman FEMA yo rive lakay ou, yo pral montre kat idantite kontraktyèl ofisyèl ak foto yo. Si foto idantite an pa vizib, li enpòtan pou mande yo montre w li. Sa ede anpeche fwòd. Tanpri pa bliye ke enspektè FEMA yo pa faktire sivivan yo pou sèvis yo ni yo p ap rekòmande okenn kontraktyèl espesifik. Si yon moun mande lajan pou enspekte kay ou oswa l ap fè piblisite pou yon kontraktyèl, se pwobableman yon magouy.

FEMA konprann ke sèten Abitan Zile Vyèj yo ki gen pwopriyete yo ki sibi domaj gendwa deplase tanporèman kite zile yo. N ap mande fanmi ak zanmi yo fè yo konnen yo ta dwe enskri opre FEMA epi bay enfòmasyon kontak yo genyen kounye a. Nou pral kontakte yo pou kowòdone yon enspeksyon, lè sa posib.

FEMA te etabli nèf (9) sant redrèsman sou tout teritwa a pou fè li pi fasil pou sivivan yo pou yo deplase vini nan sant yo.
Adrès DRC St. Croix yo se:

  • Frederiksted nan Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange
  • Christiansted nan Old Post Office Building nan kwen Church ak Company streets
  • Christiansted nan Fire Captain Rencelliar I. Gibbs Fire Station, Pasèl #1, Estate Cotton Valley, East End
  • Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley

Adrès DRC yo St. Thomas DRC se:

  • Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233
  • Charlotte Amalie nan New Hotel Company Omar Brown Fire Station, Conference Room #108, 100A Ross Taarenberg
  • Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux

Adrès DRC St. John yo se:

  • Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
  • Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus

Pifò DRC yo loouvri soti 8è AM rive 5è PM toulejou, eksepte sant redrèsman ki nan St. Peter’s Church nan St. Croix, ki gen orè biwo ki redwi ledimanch akòz sèvis nan maten. Epitou, Rotary Club West DRC nan St. Croix fèmen dimanch 5 novanm ak 19 novanm.

Pou aktive pwosesis asistans FEMA an:

  • Asire w kay oswa nimewo teren an klèman vizib apatide wout la.
  • Kenbe randevou w oswa notifye enspektè a si ou bezwen repwograme randevou a.
  • Fè yon jan pou yo kapab kontakte w. Sa bon si ou te ka enfòme vwazen ou yo ki kote yo kapab jwenn ou si ou vin pakapab rete nan kay ou ankò poutèt li domaje twòp.
  • Sivivan yo ki te fòse deplase ale nan lòt zòn owa nan lòt zile gendwa nonmen yon fanmi, yon zanmi oswa yon vwazen pou otorize enspektè a antre sou pwopriyete a. Men moun ki deziyen an dwe gen 18tan oswa plis.
  • Bay prèv se ou ki mèt pwopriyete a, tankou yon bòdwo taks, yon tit pwopriyete, resi ipotèk oswa kontra asirans ki gen adrès pwopriyete a sou li. Lokatè yo dwe prezante yon prèv yo rete nan kay la (okipasyon), tankou yon kontra lokasyon, resi peman lwaye oswa yon bòdwo elektrisite, dlo, telefòn.
  • FEMA pral bay asistabs sèlman pouyon rezidans prensipal. Sepandan, sivivan yo gendwa kalifye pou yon prè lajan ki gen enterè ki ba.
  • Si sa posib, bay foto domaj kay la sibi ki kapab konplete foto enspektè a te pran.

Anjeneral, yon enspeksyon pran 15-30 minit pou fèt. Sonje enspektè yo pa deside si yon kandida kalifye pou asistans. Yo annik make enfòmasyon yo elektwonikman nan konpitè FEMA yo. Djòb yo se verifye domaj apre dezas la, men yo pa bezwen dokimante tout domaj yo nèt. Yo analize domaj estrikti, gwo aparèy, sistèm tank septik ak pwi yo sibi.

Ou pa bezwen tann, kòmanse netwaye depi kounye an. Sivivan yo ta dwe kòmanse netwaye san yo pa krenn pou yo pèdi asistans apre dezas. Annik pran foto pou dokimante domaj yo epi etabli yon lis tout atik ki domaje yo.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).
Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

 

Tags:
Dènye mizajou