Abitan Zile Vyèj Ameriken, FEMA Pale Menm Lang avèk Ou

Release Date Release Number
NR-034
Release Date:
October 30, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Sivivan siklòn Zile Vyèj yo ki gen lang natifnatal yo ki pa Angle ta dwe konnen Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) gen divès fason pou ede w. Youn nan pi gwo priyorite FEMA se asire tout Abitan Zile Vyèj yo ki te afekte poutèt siklòn Irma ak Maria yo jwenn aksè egalego – epi pou lang pa tounen yon obstak ki anpeche resevwa asistans federal.

Si oumenm oswa yon moun ou konnen bezwen aplike pou asistans oswa yo bezwen pale ak yon reprezantan FEMA nan yon lang ki pa Angle, ou ta pito resevwa dokiman ki ekri nan lang natifnatal ou oswa ou bezwen yon entèprèt Langaj Siy Ameriken, FEMA kapab ede w nan plizyè fason:

  • Grasa Liy Gratis FEMA an: Sivivan yo ki rele Nimewo Gratis la nan 800-621-3362 ap dwe peze “1” pou Angle, oswa “2” pou Panyòl. Moun ki rele yo ki vle pale ak yon reprezantan nan yon lòt lang ta dwe rete tann nan koutfil la pou yo bay yo yon operatè ki pale Angle pral konekte yo ak yon tradiktè nan lang yo te mande a. Sivivan yo ki bezwen yon entèprèt ASL gendwa rele tout Nimewo Gratis FEMA an, grasa yon aparèy ki bay asistans teknolojik, si sa nesesè.  Sivivan dezas yo ki soud, ki di pou tande oswa ki gen yon andikap pou pale epi ki sèvi ak yon TTY gendwa rele nan 800-462-7585 pou enskri. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Vireyo (Video Relay Service) gendwa rele nan 800-621-3362.
  • Nan yon Sant Redrèsman apre Dezas (Disaster Recovery Center, DRC): Anpil anplwaye  FEMA pale 2 lang oswa plizyè lang toujou epi yo kapab asiste sivivan yo nan lang yo pita a nan DRC yo ki St. Croix, St. John ak St. Thomas. Tout estaf DRC an kapab ede sivivan yo konekte ak Nimewo Gratis FEMA an nan nenpòt lang yo vle an. DRC yo kapab òganize tou pou yon tradiktè oswa yon entèprèt ASL akonpaye enspektè lojman FEMA yo pandan yo vizite lakay ou. Tout sant redrèsman yo aksesib pou andikape epi yo ekipe ak zouti ki bay sipò teknolojik pou fasilite kominikasyon pou sivivan yo ki bezwen sipò. Pou lokalize youn nan DRC yo ki sou teritwa a, al gade nan http://asd.fema.gov/inter/locator/home.htm.
  • Ekip sistans Sivivan apre Dezas (Disaster Survivor Assistance, DSA) yo: Ekip DSA yo k ap demache nan katye yo ap fè efò pou idantifye ak ede sivivan yo ki gendwa bezwen asistans nan yon lang ki pa Angle. Pèsonèl DSA an kapab òganize prezans tradiktè pou fasilite konvèsasyon yo ant estaf FEMA ak sivivan yo. Sèten ekip ki St. Croix ak St. Thomas gen entèprèt ASL ladan yo.
  • Feyè Enfòmasyon: N ap distribye alamen dokiman dezas pou enskri, feyè enfòmasyon, konsèy sante ak sekirite ak plis toujou nan tout teritwa a nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen, epi yo kapab jwenn yo tou nan lòt lang toujou oswa ki enprime avèk gwo lèt, si ou fè demann lan. Dokimana sa yo disponib nan DRC yo ak nan men ekip DSA yo sou tout zile yo.

    Nan Jounal, Radyo ak Televisyon: FEMA te distribye kominike laprès, anons sèvis piblik ak feyè enfòmasyon ki gen enfòmasyon enpòtan pou sivivan siklòn lan nan ògann laprès Zile Vyèj Ameriken yo nan lng Angle, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen.

  • Nan FEMA.gov: Gen kominike laprès ansanm ak lòt enfòmasyon ki disponib pou sivivan yo yo te tradwi nan lang Panyòl ak Kreyòl Ayisyen sivivan yo kapab li sou paj Wèb ki espesifik pou siklòn yo. Al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma oswa nan www.fema.gov/hurricane-maria epi klike sou lang ou pito an anba tit Zile Vyèj Ameriken.
  • Sou Paj Facebook Zile Vyèj meriken FEMA an: Paj la, nan www.Facebook.com/FEMAUSVirginIslands, gen videyo nan lang ASL sou fason pou enskri pou asistans FEMA ak plis toujou. Epitou, moun ki sèvi ak Facebook ki chwazi Panyòl ak Kreyòl Ayisyen kòm lang natifnatal yo nan pwofil yo epi ki “swiv (follow)” paj Facebook Zile Vyèj FEMA an pral wè sèten anons ki gen lye dirèkteman nan kominike laprès FEMA yo ki tradwi konsènan aktivite redrèsman ak rekonstriksyon apre pasaj siklòn yo.
  • Nan Paj Wèb Asistans apre Dezas la: Moun ki pale Panyòl gendwa enskri pou resevwa asistans epi pou yo reponn kesyon yo nan paj nou an ki nan lang Panyòl nan DisasterAssistance.gov/es. Adrès sit ki ann Angle a se DisasterAssistance.gov.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou