Ekip Asistans pou Sivivan Dezas FEMA an Ap Kontakte Sivivan yo ki nan Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
NR-029
Release Date:
October 24, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Ekip Asistans pou Sivivan (Disaster Survivor Assistance, DSA) ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap travay nan katye siklòn yo te domaje nan St. Croix, St. John ak St. Thomas pou ede sivivan yo enskri pou asistans epi pou idantifye ak jere bezwen ki ijan epi bezwen ki kòmanse parèt yo.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare: “Pwofesyonèl DSA yo ap resanse kominote ki te sibi gwo domaj yo pou fè moun konnen FEMA la pou ede yo, epi pou asire yo gen enfòmasyon konsènan asistans nou kapab ofri moun endividyèlman epi fanmi tou. Nan anpil sitiyasyon, yo deplase pòt-a-pòt kay moun ak kote moun travay oswa yo òganize biwo enskripsyon espontane (pop-up) pou ede gwoup moun an yon fèl fwa.”

Ekip DSA yo te kontre avèk preske 17,500 sivivan epi yo te enskri plis pase 8,200 nan yo pou asistans apre dezas, sou labaz deklarasyon ofisyèl gwo dezas gouvènman an te anonse apre pasaj siklòn Irma ak Maria yo. Ekip ki baze sou misyon yo ap konsantre sou kominikasyon ak kominote an; pou fè sa, li kontakte antite piblik ak prive, depatman lapolis ak ponpye, òganizasyon kominotè ak biznis yo.

Anplwaye DSA yo non sèlman travaypou rezoud preyokipasyon ijan yo, mentou yo idantifye pwoblèm ki fèk kòmanse parèt epi yo asire yo sivivan yo ap jwenn enfòmasyon fyab konsènan asistans apre dezas la. Yo gendwa idantifye manm ekip yo fasilman grasa kat idantite ak foto yo ansanm ak logo FEMA ki sou mayo yo.

Ben Barron, lidè ekip DSA yo ki sou zile yo di: “Pandan ke gen gwo difikilte ki rete pou n rezoud toujou, epi kominikasyon yo kontinye bay pwoblèm, nou vle moun konnen FEMA angaje li pou mete moun souplas pou yo ka pale dirèkteman ak sivivan yo epi bay yo enfòmasyon. Epitou, souvan nou konn rive ak feyè epi ak lòt papye nou kite dèyè pou moun ka distribye yo.”

Asistans Endividyèl FEMA an disponib ba pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis ki elijib sou tout teritwa a ki te sibi domaj apre pasaj Siklòn Irma epi/oswa Siklòn Maria. Asistans Endividyèl la ede tout aplikan ki elijib yo peye pou reparasyon ijan pou kay yo, ede yo ak pèt pwopriyete pèsonèl ki pa asire ak depans medikal, dantè ak fineray akòz dezas la. Epitou, li ede peye pou lòt depans ak lòt bezwen toujou ki akòz siklòn yo.

Sivivan yo ki gen sèvis Entènèt gendwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo kapab rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org

Tags:
Dènye mizajou