Aktivite Redrèsman ap Pwogrese nan Zile Vyèj Ameriken apre Pasaj 2 Siklòn Youn dèyè Lòt

Release Date Release Number
NR 023
Release Date:
October 20, 2017

ST. CROIX, Zile Vyèj – Abitan Zile Vyèj yo ap fè pwogrè apre devastasyon Siklòn Irma te pwovoke, epi 2 semèn sèlman apre sa, yon dezyèm tanpèt Kategori Category te kraze brize teritwa a. Nan semèn ki te pase apre Siklòn Maria te fini fè move travay Irma te kòmanse an, vin gen yon kokennchenn aktivite solidarite pou ede kominote zile yo ak sivivan yo retabli vi yo jan li te ye anvan.

Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) la nap kowòdone ak aktivite entèvansyon fedral la, an kolaborasyon ak gouvènman teritoryal la, epi patnè federal ak lokal yo ansnam ak sektè prive ak òganizasyon volontè yo pou ede retabli sèvis esansyèl sou zile yo epi satisfè bezwen sivivan yo pou redrese sitiyasyon yo.

Depi siklòn Irma ak Maria te fwape nan mwa septanm, gen etap enpòtan nou te atenn. N ap degaje wout yo pou retire tout debri tanpèt la te brote, avyon liy komèsyal yo ap ateri ak dekole, pò maritime yo aktif, magazen aliman ak restoran yo louvri, asistans finansyè pou bezwen kritik ap rive nan men sivivan yo epi anpil timoun te tounen lekòl.

Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare: “N ap fè gwo-gwo pwogrè nan sèten zòn, men nou gen anpil ki rete pou nou fè toujou. Nou pral rete souplas pandan tout tan ki nesesè pou nou ka ede Zile Vyèj ak popilasyon li refè kòmsadwa.”

Sèten elèv deja tounen lekòl pou kontinye etid yo pou lane akademik 2017-2018. Jiskaprezan, 10 lekòl te relouvri nan Distri Lekòl St. Thomas/St. John epi plis pase 2,800 elèv ak 271 pwofesè te tounen nan salklas yo. Gen plis lekòl toujou ki pwograme pou louvri St. Croix nan pwochen jou k ap vini yo pou yo kapab asire timoun yo pa pèdi ane a.

Patnè federal yo ap travay pou sipòte pwogram Gouvènè Kenneth Mappla ki etabli priyorite pou re-louvri lekòl yo sou tout teritwa a.  Pou sipòte inisyativ gouvènè a pou re-louvri lekòl yo, USACE te enstale 28 jeneratris nan lekòl yo epi l ap travay ak Depatman Edikasyon teritoryal la pou evalye opsyon yo pou òganize espas pou mete klas yo pou elèv ki t ap frekante lekòl ki domaje yo. Opsyon sa yo gendwa gen ladann estrikti dirab ki sanble tant oswa inite modilè. Anplwaye Ajans Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency, EPA) tee de Depatman Planifikasyon ak Resous Natirèl Zile Vyèj Ameriken (Department of Planning and Natural Resources, DPNRP) ak Depatman Sante (Department of Health, DOH) evalye danje anviwònmantal potansyèl yo ak kalite dlo lekòl yo pandan travayè lokal yo ki soti nan kominote a te patisipe nan aktivite netwayaj yo.

Nan Konplèks Edikasyon St. Croix (St. Croix Educational Complex), anplwaye Ajans Jesyon Ijans peyi Danmak te travay pou remete etablisman an nan yon bon eta pou elèv yo, ayo te netwaye, retire twil nan plafon ki te domaje yo epi yo te repare plizyè pati nan twa a.

Ranmasaj debris sou wout ak nan katye Zile Vyèj yo fè ke makèt yo, estasyon gaz ansanm ak lòt magazen yo ap restoke etajè yo epi re-louvri biznis yo. Patnè federal, teritoryal, lokal ak sektè prive te travay 24è sou 24 pou fè tout bagay kapab mache nan chèn lojistik zile yo ki te pètibe anpil lè pò yo te fèmen epi te gen anpil debri sou wout yo.

Grasa boust $11.2 milyon dola asistans akselere FEMA te voye pou ranmasaj debri yo, Zile Vyèj yo te ranmanse 75,000 vèj kibik debri siklòn lan, epi gouvènman teritoryal la ap kontinye vanse ak aktivite ranmasaj debri kay yo. Se premye etap pou ranmase anviwon 1.1 milyon vèj kibik debri kit e rete apre pasaj de (2) siklòn yo. Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers, USACE) souplas, l ap travay avèk gouvènman teritwa a pou ranmase debri epi sou estrateji jesyon pou elimine pil debri yo.

Otorite Dlo ak Elektrisite Zile Vyèj yo (Virgin Islands Water and Power Authority, WAPA) ap kontinye travay ansnam ak Otoite Jesyon Dechè Zile Vyèj yo (Virgin Islands Waste Management Authority) ak Depatman Travo Piblik (Department of Public Works) pou elabore yon inisyativ netwayaj pou tout teritwa a.

Gen yon kokennchenn aktivite k ap fèt pou retabli kouran nan tout teritwa a. Li enpòtan pou gen yon sous enèji pou sivivan yo; se youn na priyorite gouvènman Zile Vyèj yo depi tanpèt jeyan yo te koze yon pann kouran nan tout zile yo.

Grasa sibvansyon akselere $24 milyon dola FEMA te bay, WAPA ap kontinye travay pou repare ann ijans kab transisyon ak distribisyon yo nan St. Croix, St. Thomas ak St. John. Menmsi pousantaj kliyan ki sou rezo a ap chanje toulejou pandan travay la ap pwogrese, WAPA ap vanse a gran pa pou reyalize obektif li pou retabli kouran nan 90 pousan teritwa a anvan Nowèl.

Otorite ki responsab elektrisite ap fè vini pa bato kab elektrik ak poto elektrik ansanm ak 500 ekspè pou poze kab elektrik ki soti nan tout peyi Etazini. Lè yo tout ap fin enstale – 250 gen tan rive – travayè sa yo pral ogmante kapasite lokal la pa 10. Se 10 fwa kantite travayè WAPA yo ki te sou teritwa a anvan pasaj siklòn yo.

Nan yon konferans pou bay nouvèl sou sitiyasyon an ki fèt dènyèman, Gouvènè Mapp te di li te mande  USACE pou evalye tout sistèm jenerasyon elektrisite teritwa a, pou enkli pri pou anfwisman kab yo epi li te deklare: “N ap tavay pou bati yon sistèm jenerasyon ak distribissyon kouran ki pi solid.”

Paske telefòn selilè se yon pilye nan kominikasyon sou zile yo, yon lòt priyorite se retablisman sèvis selilè nan Zile Vyèj yo. FEMA ak patnè federal li yo ap kontinye travay avèk sektè prive a pou sipòte aktivite pou retabli kominikasyon telefòn selilè yo. Pandan sa, founisè telekominikasyon lokal Viya te enstale prèske 25 hot spot Wi-Fi nan tout zile yo, pou bay sivivan ak ekip entèvansyon yo yon resous kominikasyon ki esansyèl.

Tout kominote a ap patisipe nan aktivite pou kenbe sipò swen medikal ak sante piblik pou sivivan yo sou tout teritwa a. Gen plizyè santèn pwofesyonèl swen sante ki soti nan Depatman Etazini pou Sante ak Sèvis Imen (U.S. Department of Health and Human Services, HHS) ak Deptman Defans (Department of Defense, DOD) ki te sipòte ak ogmante estaf medikal lokal la ki t ap travay ann ekip 12 èdtan nan semèn apre siklòn yo. Anpil kontinye swen pasyan yo malgre pwòp kay yo te domaje epi malgre yo te oblije evakye fanmi yo.

Epitou, rafal van ak inondasyon te fwape fò twa (3) pi gwo lopital ki pou tout teritwa a. Poutè t sa, 575yèm ak 602zyèm Konpayi Medikap Sipò Zòn (Area Support Medical Companies, ASMC) te etabli inite medikal mobil devan Gov. Juan Luis Hospital ak Medical Center nan St. Croix ansanm ak devan   Schneider Medical Center nan St. Thomas pou ofri sipò bakòp bay pasyan ki bezwen swen medikal.

Anplwaye Sistèm Nasyonal Medikal pou Dezas (National Disaster Medical System, NDMS), ki fè pati de HHS, bay swen medikal nan Myra Keating Smith Clinic ki nan St. John anvan pou yo ale nan Morris F. deCastro Clinic. Epitou, estaf NDMS yo bay sèvis medikal debaz nan estayson ponpye Coral Bay, nan St. John. Travayè HHS ak DOD yo te bay sèvis swen sante debzas, tankou triyaj ak medsin nan sitiyasyon ijans.

Kòporasyon Enjenyè Lame Etazini (U.S. Army Corps of Engineers) ap patisipe tout nan aktivite pou garanti swen san rete pou pasyan yo. Li pral mete anplas estrikti dirab miray fleksib tranzitwa oswa inite modilè nan lopital ki domaje yo sou tout zile yo ak nan enstalasyon DOH yo. Inite sa yo kapab agrandi pou atenn limit kapasite yo epi bay plis espas toujou pou chiriji ak kote pou pasyan refè aprè yon operasyon chiriji. Pami anpil aktivite l ap fè pou Abitan Zile Vyèj yo, DOH ap bay sèvis klinik vizit san randevou pou pasyan ki pral tounen plizyè fwa apatide yon kamyonèt medikal mobil. Depatman sante an ap founi you twous pou tibebe-timoun piti, medikaman ak preskripsyon epi sèvis planing familyal.

HHS ak DOD ap kontinye evakye pasyan ki bezwen swen kritik. Jiskaprezan, gen plis pase 300 pasyan ki bezwen swen kritik yo te evakye sou kontinan an pou yo kapab resevwa swen medikal anplis. HHS ak DOD etabli kontak ak sant medikal ak òganizasyon lokal yo Atlanta ak Columbia, Kawolin di Sid, pou konnen nan ki pwen tretman yo ye.

Poutèt inondasyon yo kreye yon anviwònman kote moustik yo kapab repwodwi ak simaye viris ki pwopaje nan dlo, estaf ki soti nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) ap travay men nan lamen ak DOH sou kesyon ki gen pou wè ak kontwòl vektè pwopagasyon maladi yo. Anplwaye Kòporasyon Mandate Sèvis Sante Piblik Etazini (U.S. Public Health Service Commissioned Corps) te fè evalyasyon sante anviwònmantal nan chèltè, etablisman gadri tioun, etablisman swen sante ak etablisman akademik.

CDC ap sipòte travay DOH pou li kapab kontakte kominote yo ak enfòmasyon sous ante ak sekrite osijè risk ki genyen apre pasaj siklòn. Konsèy sante yo konsantre sou pwomosyon sante mantal apre pasaj yon siklòn, fason pou evite danje pandan w ap netwaye mous‎, anpeche anpwazonman ak monoksid kabòn, ak plis bagay toujou.

Anplwaye ki soti nan tout fanmi federal la te ale tout kote nan kominote yo. Asistans Sivivan apre Dezas FEMA (Disaster Survivor Assistance, DSA) ak ekip Entegrasyon Andikap (Disability Integration) yo te gaye nan tout zile yo pandan plizyè semèn, yo te kontre ak sivivan yo nan kominote yo, ede yo enskri pou asistans ak reponn kesyon yo te vle poze yo. Anplwaye DSA yo te kontre avèk plis pase 13,000 moun epi yo te enskri prèske 7,000 ladan yo pou yo kapab resevwa asistans FEMA.

Espesyalis redrèsman ak rekonstriksyon FEMA yo prezan tou nan kat (4) Sant Redrèsman apre Dezas (Disaster Recovery Centers) nan St. Croix ak St. Thomas pou ede rezidan yo fas-a-fas pou bay yo enfòmasyon ak reponn kesyon yo konsènan enskripsyon. Jiskaprezan, sant lan anrejistre plis pase 2,300 vizit – epi gen sant redrèsman adisyonèl ki pral louvri byento sou tout twa (3) zile yo. Reprezantan ki soti nan Administrasyon Etazini pou Tibiznis (U.S. Small Business Administration) prezan nan sant yo tou pou bay enfòmasyon sou prè lajan ak yon enterè ki ba bay moun ki siviv siklòn yo ansanm ak pou tibiznis, epi pou repare oswa rekonstwi kay yo.

Malgre difikilte nan lojistik ak kominikasyon sivivan yo dwe konfwonte depi pasaj siklòn yo, gen plis pase 26,000 moun ak fanmi ki te enskri opre FEMA pou jwenn asistans soulabaz deklarasyon dezas gouvènman an te anonse apre pasaj siklòn Irma ak Maria.

Akòz gwo obstak ki gen sou zile yo, FEMA te aktivite pwogra, Asistans pou Bezwen Kritik (Critical Needs Assistance) li, ki fè ke sivivan yo touche finansman ijans rapid jan sa posib pou bezwen ijan yo, tankou manje, swen medikal ak transpò. Jiska prezan, sivivan yo pral touche prèske $2.5 milyon dola pou bezwenkritik yo. Lajan sa a se anplis sibvansyon pou reparasyon oswa asistans lojman yo gendwa resevwa tou.

Gen plis pase 50 enspektè FEMA k ap vizite katye yo sou tout teritwa a pou verifye domaj siklòn yo te koze; se yon etap enpòtan pou sivivan yo kapab resevwa plis asistans. Enspèktè yo te fè prèske 2,700 nan kay epi FEMA te otorize plis pase $1.4 milyon dola pou asistans lojman pou sivivan yo. Pawòl la ap gaye tou konsènan prè lajan dezas ak enterè ki ba SBA ap bay yo. Jiska pou kounye an, sivivan yo te apwouve pou resevwa $4.6 milyon dola prè lajan pou repare ak rekonstwi kay yo.

Pandan rezidan USVI yo ap kòmanse rekonstwi, USACE ap sipòte aktivite yo: enjenyè yo ap fè reparasyon pwovizwa nan twa grasa pwogram Operasyon Twa Ble (Operation Blue Roof) li an. USACE te resevwa plis pase 4,106 demann pou asistans epi li te travay sou 893 kay ak etablisman kote li te mete twal plastik ble ki ranfòse. USACE te òganize plizyè sant nan St. Croix, St. John ak St. Thomas pou sivivan yo kapab jwenn enfòmasyon sou pwogram lan epi enskri pou asistans.

Chak misyon redrèsman ak reskontriksyon apre yon dezas konfonte ak difikilte ki pa gen parèy. Lè kominike lokal ak rezidan yo dwe pare pou de (2) siklòn katastwofik sou twa (3) zile ki separe ak dlo – anmenmtan gen tanpèt ak inondasyon danjre k ap kontinye – difikilte pou retabli sitiyasyon an ogmante plis toujou. FEMA angaje li pou travay avèk gouvènman Zile Vyèj yo, sivivan ak patnè yo ki soti toupatou nan kominote a pou retabli ak rekonstwi kominote sa yo.

###

Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl).

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo.

Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma, www.informusvi.com oswa nan www.usviupdate.com. Swiv nou sou twitter @femaregion2.

Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org.   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org.

Tags:
Dènye mizajou