W ap tann Repons sou Aplikasyon nan FEMA w la? Fè swivi avèk FEMA

Release Date:
December 21, 2021

Si ou potko resevwa yon peman oswa ou te fè swivi pou lèt desizyon FEMA w la, gen yon bagay ou kapab fè pou avanse ak pwosesis la: rele nou, vizite nou sou entènèt la, itilize aplikasyon FEMA a - pa rete tann sèlman. FEMA ka anmezi pou ede!

Premyeman, li lèt desizyon FEMA w la ankò ak atansyon. Li pale ou de premye desizyon FEMA a epi li di ou ki aksyon ki ka nesesè pou chanje desizyon sa.

Asirans

  • Sa ki ka obstak pou ou se pwopriyetè kay ou oswa dokiman asirans lokatè ou. Apre Siklòn Ida, pwosesis akò asirans yo vin pran plis tan pase jan yo te ye anvan. FEMA p ap kapab finalize aplikasyon w lan si pa genyen yon kopi enfòmasyon sou demann asirans lan nan dosye ou. Depi ou fin resevwa enfòmasyon yo nan men ajan w lan, rasire w ou bay FEMA yon kopi.
    • Lè aplikan yo apply nan FEMA, yo mande yo si yo asire. Daprè lalwa, FEMA pa kapab ranbouse pou pèt ki pa asire.
    • Lè w bay reprezantan FEMA yo dokiman asirans ou yo, sa kapab fè aplikasyon w lan avanse, pou detèminen si gen pèt asirans pa kouvri ki kalifye pou ranbousman.
    • Pou ede FEMA evalye aplikasyon w lan, ou kapab bay plizyè dokiman sou estati asirans dapre demann ou ak korespondans ou k ap soti nan konpayi asirans ou an, tankou:
      • Prèv ou pa gen pwoteksyon konpayi asirans ou an ak kontra a.
      • Refi demann ou an.
      • Lèt akò: Ki domaj ak pwopriyete kontra asirans ou an kouvri.
      • Lèt reta: Prèv ki montre konpayi asirans ou an pa pran desizyon ofisyèl konsènan reklamasyon w lan, epi gen plis pase 30 jou depi lè ou te fè depo reklamasyon asirans ou an.

Dokiman ki Pwouve Lokasyon oswa Pwopriyete

  • Si ou gen yon pwoblèm pou ou pwouve kote ou t ap viv lè siklòn nan te pase a oswa pou ou pwouve ou te posede pwopriyete ki domaje a, fè FEMA konnen. Nou genyen espesyalis ki kapab konseye w sou ki kote ou ka jwenn papye ou bezwen yo.
Lokasyon
  • Lè FEMA pa anmezi pou li verifye lokasyon rezidans andomaje yon aplikan nan katastwòf la, aplikan an ka soumèt dokiman pou verifye lokasyon an. Nan majorite ka yo, dokiman yo dwe genyen dat nan yon lane anvan katastwòf la oswa nan peryòd asistans lan. Pami sa yo se:
    • Fakti sèvis piblik yo: Fakti elektrisite, gaz, dlo ki genyen non aplikan an oswa yon lòt aplikan ak adrès rezidans katastwòf la andomaje a.
    • Lòt fakti yo: Fakti labank oswa kat kredi, fakti telefòn, fakti kab oswa satelit, fakti founisè medikal, elatriye, ki genyen non aplikan an oswa yon lòt aplikan ak adrès rezidans katastwòf la andomaje a.
    • Dokiman anplwayè yo: Peye eboch oswa lòt menm dokiman ou resevwa anvan katastwòf la, oswa yon lèt oswa lòt deklarasyon ekri yon anplwayè bay ki prepare apre katastwòf la.
    • Kontra lokasyon oswa lojman: Kopi yon kontra lokasyon, lojman ki ekri, oswa yon lèt oswa lòt deklarasyon ekri pwopriyetè kay la bay.
    • Resi Lokasyon yo: Kopi yon resi lokasyon oswa deklarasyon labank (avèk imaj chèk lokasyon ki anile a) ki genyen non aplikan an sou li oswa yon lòt aplikan, enfòmasyon kontak pwopriyetè a, ak adrès inite lojman anvan katastwòf la.
    • Dokiman yon fonksyonè piblik: Dokiman ou resevwa nan men yon fonksyonè piblik anvan katastwòf la (egzanp: Chèf Polis, Majistra, Moun k ap resevwa pòs yo, ofisye Eta, lokal, tribal, oswa gouvènmantal) ki genyen non aplikan an oswa lòt aplikan ak adrès rezidans katastwòf la andomaje a oswa yon lèt oswa lòt deklarasyon ekri ki prepare apre katastwòf la
    •  Kat Idantifikasyon yo: Lisans pou kondwi, kat idantite eta a, oswa kat anrejistreman pou vòt ki genyen non aplikan an oswa yon lòt aplikan ak adrès rezidans katastwòf la andomaje a.
    • Dokiman òganizasyon sèvis sosyal yo: Dokiman ou resevwa nan men yon òganizasyon sèvis sosyal ki te bay aplikan an sèvis anvan katastwòf la (egzanp: Sant pou Vi Endepandan, Manje Adomisil, Lig Nasyonal Vil yo) epi ki genyen non aplikan an oswa lòt aplikan ak adrès rezidans katastwòf la andomaje a oswa yon lèt oswa lòt deklarasyon ekri ki prepare apre katastwòf la.
    • Dokiman lekòl lokal yo: Dokiman ou resevwa nan lekòl la oswa distri lekòl la anvan katastwòf la ki genyen rezidans timoun nan katastwòf la andomaje ak non aplikan an oswa lòt aplikan, oswa yon lèt oswa lòt deklarasyon ekri ki soti nan lekòl la oswa distri lekòl la ki prepare apre katastwòf la ki verifye rezidans timoun nan, nan moman katastwòf la epi ki genyen, nan ka yon depandan, non aplikan an oswa lòt aplikan an. Lèt la oswa deklarasyon ekri a dwe genyen ladan li, non ak nimewo telefòn patikilye a oswa òganizasyon k ap fè verifikasyon an.
    • Dokiman avantaj Federal oswa Leta: Dokiman ou resevwa anvan katastwòf la nan men yon ajans leta oswa federal ki te bay aplikan an avantaj (egzanp: Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, (SNAP)) epi ki genyen non aplikan an oswa lòt aplikan ak adrès rezidans katastwòf la andomaje a oswa yon lèt oswa lòt deklarasyon ekri.
    • Anrejistreman machin ki gen motè yo: Kopi yon anrejistreman veyikil ki gen motè ki montre veyikil la te anrejistre sou non aplikan an oswa lòt aplikan an nan adrès rezidans katastwòf la andomaje a.
    • Deklarasyon sou sèman ki gen rapò ak Rezidans oswa lòt: Kopi papye tribinal
    • Papye pakin pou kay mobil yo: Nan ka kay mobil yo oswa karavàn yo ki sitiye yo nan pakin yon kay mobil, aplikan an oswa lòt aplikan an ka soumèt yon lèt owa yon lòt deklarasyon ekri pwopriyetè oswa direktè pakin nan bay.
    • Mete sou sa, FEMA ka aksepte yon deklarasyon ekri kòm dènye rekou nan men sivivan yo ki t ap viv nan kay mobil yo oswa karavàn epi ki t ap eksperimante difikilte pou jwenn fòm tradisyonèl dokiman yo.
    • FEMA ka aksepte tou, deklarasyon sa yo kòm yon dènye rekou nan men aplikan yo k ap viv nan zòn zile yo, ak tè tribal yo. Deklarasyon yon moun fè sou tèt li ka ekri apre katastwòf la men li dwe rive na FEMA alekri, pou li ka rete nan dosye aplikan an.
Pwopriyete
  • Lè FEMA pa anmezi pou li verifye pwopriyete premye rezidans aplikan an katastwòf la andomaje a, aplikan an ka soumèt dokiamn ki genyen ak pwopriyete, dokiman ipotèk, enfòmasyon taks pwopriyete, ak fakti vant. Kounya FEMA ap aksepte dokiman ki nan lis anba a pou verifye pwopriyete yo.
    • Ak oswa dosye ofisyèl: Ak orijinal oswa ak fidisi sou pwopriyete a.
    • Papye ipotèk: Deklarasyon ipotèk oswa analiz depo fidisyè a.
    • Resi taks pwopriyete oswa fakti taks pwopriyete: Dokiman an dwe aktyalize ak/oswa an vigè pandan peryòd ensidan katastwòf la.
    • Sètifika tit pwopriyete kay prefabrike
    • Apwovizyònman imobilye
      • Kontra pou Ak
      • Kontra Vant Tèren
      • Ak Renonsyasyon
      • Fakti Vant oswa Obligasyon pou Tit
    • Testaman oswa afidavi ki deziyen eritye aplikan an pou pwopriyete a ak yon sètifika desè
    • Resi gwo reparasyon oswa amelyorasyon yo: Aplikan an oswa lòt aplikan an ka soumèt resi ki montre yo te responsab pou fè gwo reparasyon, antretyen, oswa amelyorasyon (egzanp: tèt kay; sistèm chofaj (HVAC); plonbri oswa lòt gwo reparasyon oswa amelyorasyon sèvis piblik yo tankou kondwi dlo, tou ego, pui oswa gwo twou yo; pano solè; gwo mezi limit. Resi gwo reparasyon yo dwe date 5 lane anvan katastwòf lan.
    • Papye pakin pou kay mobil yo: Nan ka kay mobil yo oswa karavàn yo ki sitiye yo nan pakin yon kay mobil, aplikan an oswa lòt aplikan an ka soumèt yon lèt owa yon lòt deklarasyon ekri pwopriyetè oswa direktè komèsyal pakin nan bay, ki di aplikan an oswa lòt aplikan an te posede rezidans katastwòf la andomaje a nan moman katastwòf la. Lèt la oswa deklarasyon ekri a dwe genyen ladan li, non ak nimewo telefòn patikilye k ap fè verifikasyon an epi li dwe genyen kijan patikilye a konnen aplikan an oswa lòt aplikan an te posede kay mobil la oswa karavàn nan, nan moman katastwòf la
    • Papye tribinal yo: Si aplikan an oswa lòt aplikan an te nan yon litij ki gen pou wè ak pwopriyete rezidans katastwòf la andomaje a anvan oswa aktyèlman, aplikan an ka soumèt yon kopi papye tribinal la ki di aplikan an te posede rezidans katastwòf la andomaje a.
    • Lèt yon fonksyonè piblik: Lèt oswa lòt deklarasyon ekri yon fonksyonè piblik (sètadi, ofisye gouvènman tèritoryal, tribal, lokal oswa eta a) ki genyen non aplikan an oswa lòt aplikan an, adrès rezidans katastwòf la andomaje a, aplikan oswa lòt aplikan an te posede rezidans katastwòf la andomaje nan moman katastwòf la, ak non epi dokiman fonksyonè piblik la dwe date nan peryòd asistans lan.
    • Mete sou sa, FEMA ka aksepte yon deklarasyon yon moun ekri sou tèt li kòm yon dènye rekou nan men sivivan yo ak pwopriyete eritaj yo oswa sila yo ki posede kay mobil yo oswa karavàn ak eksperyans difikilte pou jwenn fòm tradisyonèl dokiman yo. FEMA ka aksepte tou, deklarasyon sa yo kòm yon dènye rekou nan men aplikan yo k ap viv nan zòn zile yo, ak tè tribal yo. Deklarasyon yon moun fè sou tèt li ka ekri apre katastwòf la men li dwe rive na FEMA alekri, pou li ka rete nan dosye aplikan an.

Prèv Pèt pou Lòt Nesesite

  • Si w ap fè demann asistans pou èd deyò lojman FEMA bay nan kad Pwogram Lòt Nesesite (ONA) (egzanp yo se: Asistans pou Fineray, Asistans Dantè ak Medikal, Asistans Swen Timoun, Asistans pou Estokaj ak Deplasman, elatriye), w ap sèlman bezwen bay resi pou bagay sa yo.
  • Pou pèt pwopriyete pèsonèl yo, transpò (machin ou, moto ou, elatriye) oswa finansman pou asirans kolektiv kont inondasyon, gen yon erap anplis ki gen pou wè avèk Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (SBA). Si FEMA pa refere ou bay pwogram SBA pou prè pou katastwòf ak to enterè ki ba a oswa ou ranpli fòmilè pou yon prè men yo refize li, ebyen ou ka kalifye pou kalite asistans pou Lòt Nesesite adisyonèl sa yo epi w ap bezwen bay resi ankò.
  • Si ou kalifye pou yon prè SBA epi ou chwazi pa aksepte li, ONA ka pa disponib.

Kesyon?

  • Ou gen kesyon? FEMA kapab ede. Si ou vle konnen opsyon ou genyen yo oswa ou gen kesyon konsènan aplikasyon w lan, pèsonèl FEMA a diponib pou ede ou – ou kapab rele Liy Asistans FEMA a oswa vizite youn nan sant rekiperasyon apre katastwòf ki louvri yo nan Lwizyàn pou w pale fas a fas avèk yon reprezantan FEMA. Vizite www.fema.gov/DRC pou ou jwenn sant ki pi pre w la.

Ou kapab jwenn FEMA nan plizyè fason:

  • Ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov;
  • Lè ou rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib; oswa
  • Telechaje aplikasyon FEMA a.
Tags:
Dènye mizajou