Pale avèk Espesyalis sou Alèjman Risk FEMA – Jwenn konsèy pandan wap repare kay ou

Release Date:
December 22, 2020

Pa gen fason pou w pare pou tout bagay, men sivivan se pa osijè chans sèlman.  Se osijè pou prepare pou sitiyasyon difisil alavans.  Espesyalis FEMA yo disponib pa telefòn pou diskite sou bezwen ou yo pandan wap gade alavans sou sezon siklòn ane pwochen.

Pandan wap rekipere nan domaj ane sa a, ou ka rebati pi solid, pi entelijan ak pi bye, avèk plis rezistans.  Pwosesis sa a rele “alèjman risk.” Gen yon gwo varyete opsyon pou pwoteje kay ou kont inondasyon ak van grasa alèjman risk.

Rezidan Louisiana yo avèk kay ki afekte yo avèk sezon siklòn ane sa a ka jwenn konsèy itil nan men yon espesyalis sou Liy èd Alèjman risk nan 833-FEMA-4-US. Liy yo ouvè Lendi jiska Samdi, 8 a.m. rive 6 p.m.  Espesyalis yo disponib egalman pa imèl nan FEMA-LAMit@fema.dhs.gov.

Diskisyon w avèk yon espesyalis sou Alèjman risk FEMA pral fè w kòmanse nan planifye pou reparasyon yo.  Pandan travay yo ap pwogrese, espesyalis yo disponib pou bay konsèy sou rekonstriksyon, konseye sou founiti rekonstriksyon, eksplike enpòtans asirans inondasyon ak ede w fè yon plan katastwòf pèsonèl.

Alèjman risk redwi risk yon pwopriyete pou pwochen evènman yo, e li pèmèt rezidan yo retounen lakay yo pi rapidman, avèk mwens domaj, apre pwochen tanpèt la. Pandanke li ka enplike yon pi gwo envestisman inisyal, alèjman sou rediksyon risk la rekonpanse nan lavni.  Anfèt, estimasyon an mwayèn pou chak dola ou depanse sou alèjman risk, sis economize nan pwochen pèt.

Bagay ou ka vle konsidere:

  • Eleve (monte piwo) oswa ekipe machin alave, seche, aparèy pou chofe dlo ak sistèm HVAC.  Si posib, retire aparèy sa yo nan sousòl ou nan dezyèm etaj.
  • Deplase priz elektrik yo nan twa pye anlè planche a.
  • Enstale yon valv retou nan liy egou a. (Enpòtan anpil – jeneralman asirans pa kouvri valv nan liy egou.)
  • Bouche miray sousòl ou avèk konpozan ki rezistan avèk dlo.
  • Eleve konpresè deyò èkondisyone a nan 2-3 pye.

Chwazi yon kontraktè ki gen lisans.  Asire pou  w jwenn yon estimasyon alekri epi verifye referans konpayi an avèk Better Business Bureau oswa otorite lokal ak eta yo.  Peye pa chèk oswa kat kredi.  

Kontakte otorite bilding lokal ou anvan ou rebati/renove/modènize.  Asire plan ou yo reponn avèk egzijans gouvènman lokal ak eta. Jwenn pèmi ki apwopriye yo.

Pwoteje envestisman w lakay ou lè ou achte aisrans inondasyon, menmsi ou pa abite nan yon zòn inondasyon a risk elve. Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon FEMA (NFIP) ede w kouvri pèt yo ki gen rapò avèk inondasyon.  Pou w jwenn plis enfòmasyon, vizite https://www.floodsmart.gov oswa pou rezidan yo jwenn piblikasyon ki itil vizite https://fema.connectsolutions.com/lamit/.

Tags:
Dènye mizajou