Depanse Lajan FEMA Ba Ou A Avèk Sajès

Release Date:
December 2, 2021

Etandone Misisipyen ki kalifye yo kòmanse resevwa asistans federal, FEMA ap ankouraje aplikan yo pou yo itilize lajan an pou depans ki gen rapò ak dezas la sèlman.

FEMA pral voye yon lèt pou li fè ou konnen ki kalite asistans ou kalifye pou resevwa, ak montan asistans FEMA ap bay pou chak sa w bezwen ki reponn ak kritè kalifikasyon yo. Sa ka gen ladan:

  • Reparasyon kay (tankou pwoblèm estrikti, dlo, sistèm septik ak egou).
  • Asistans pou lwe yon kote ki diferan pou rete tanporèman.
  • Repare oswa ranplase yon veyikil prensipal ki andomaje.
  • Depans pou moun ki pa gen asirans e ki gen depans medikal kap soti nan pòch yo poutèt domaj yo sibi nan dezas la.
  • Repare oswa ranplase zouti pwofesyonèl espesyalize.
  • Materyèl edikatif esansyèl (tankou òdinatè, liv lekòl, founiti klasik).
  • Depans demenajman ak antrepo ki gen rapò ak dezas la.

Lajan FEMA ba ou a, ou oblije depanse li nan yon fason kap pèmèt ou mete sekirite nan kay ou, pou rezoud pwoblèm sanitè epi pou kay la ann eta pou viv ladann. Pa bliye make tout sa ou depanse ak lajan dezas ou resevwa a epi kenbe tout resi w yo pandan omwen twazan pou lè gen verifikasyon kap fèt pou konnen nan kisa ou depanse lajan an.

Ou pa ka itilize sibvansyon dezas pou fè depans ou abitye fè pou viv tankou peye bil sèvis piblik, bil medikal oswa bil dantè, vwayaj, divètisman oubyen lòt depans ou fè ki pa gen okenn rapò dirèk avèk dezas la.

Si ou depanse peman yo ba ou a nan nenpòt ki bagay apade rezon ki fè yo ba ou peman an, yo pap ba ou lajan asistans ankò nan lefiti.  Nan sèten ka, FEMA ap mande pou remèt lajan an.

Lèfini lalwa federal entèdi moun remande asistans nan lòt resous.

Si w poko aplike pou èd FEMA a, tanpri, tanpri fè sa avan dat limit lan ki se 22 desanm lè w ale sou sitwèb DisasterAssistance.gov, lè w rele nimewo 800- 621- 3362, oswa lè w itilize aplikasyon mobil FEMA a. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè pa videyo (VRS), sèvis pa telefòn ki sou-titre oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sa pou sèvis sa a. Operatè yo an fonksyon sèt sou sèt soti 6 a.m. rive 10 p.m. Lè Zòn Santral (CST).

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou efò pou retablisman apre Ouragan Ida a, tanpri, ale sou www.fema.gov/disaster/4626. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion4 ak www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou