Dokiman Asirans yo se yon Pati Enpòtan nan Pwosesis Aplikasyon FEMA a

Release Date:
October 28, 2021

Pwopriyetè kay ak lokatè ki gen asirans yo, epi ki aplike pou jwenn asistans pou katastwòf nan FEMA, moun sa yo dwe depoze yon reklamasyon asirans byen vit.

Si ou te aplike nan FEMA pou jwenn asistans pou katastwòf akoz domaj ak pèt ke pasaj Siklòn Ida a te lakoz, ou oblije fè FEMA konnen tout kouvèti asirans ou ka genyen, tankou, asirans inondasyon, asirans kay, veyikil, kay mobil, medikal, antèman, elatriye.

Si w gen asirans, ou dwe bay dokiman ki montre règleman asirans ou an oswa avantaj ou yo, anvan FEMA konsidere w kòm moun ki kalifye pou jwenn asistans pou katastwòf. Asirans lan bay yon èd finansyè ki plis pase sibvansyon asistans pou katastwòf la. Daprè lalwa, FEMA pa kapab founi plis pase yon sèl avantaj pou pèt asirans lan te kouvri.

Lè w bay reprezantan FEMA yo, tout dokiman ki gen rapò ak asirans ou a, ou kapab fè demann ou an avanse yon fason pou detèmine si pèt asirans ou a pa kouvri yo, kalifye pou yon ranbousman.

Pou ede FEMA evalye aplikasyon w lan, dokiman konpayi asirans ou an kapab genyen ladan l:

  • Lèt refi pou reklamasyon w lan: Prèv ki montre konpayi asirans ou an pa kouvri w epi kontra a pa kouvri w tou. 
  • Lèt règleman: ki domaj ak pwopriyete, kontra asirans ou an kouvri. 
  • Lèt reta: prèv ki montre konpayi asirans ou a pa pran desizyon ofisyèl konsènan reklamasyon w lan, epi gen plis pase 30 jou depi lè ou te fè depo reklamasyon asirans ou an.

FEMA detèmine pou ki èd ou ka kalifye, selon espesifikasyon chak demann, gen ladan dokiman ou bay la.

Si ou te resevwa yon lèt ki di w pa kalifye, enben, gen dokiman siplemantè ou ta dwe voye toujou yon fason pou estati sa a ka chanje. Li enpòtan pou w li lèt ou a ak anpil atansyon, pou w ka byen konprann desizyon FEMA a, nan lide pou w ka konnen egzakteman sa ou dwe fè, tankou, ou ka petèt sèlman dwe bay yon kopi règleman asirans ou an.

Si ou gen kesyon, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Nimewo telefòn gratis yo fonksyone apati 7 a.m. rive nan 1 p.m. (Lè Lès), sèt jou sou sèt. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Tags:
Dènye mizajou