Sinistre Siklòn Ida yo Dwe Aplike ak FEMA yon Sèl Fwa – pou Kalifikasyon Lojman.

Release Date:
November 9, 2021

Yo kapab konsidere Sinistre Siklòn Ida yo ki te aplike nan FEMA pou asistans katastwòf pou lojman temporè dirèk FEMA yo.

Pa genyen okenn nesesite pou aplike plis pase yon fwa, epi pa genyen okenn aplikasyon adisyonèl obligatwa pou konsidere pou lojman.

Depi yon sivivan te aplike, FEMA pral rele kandida kalifye kay te detwi oswa yo ki envivab pou diskite kalifikasyon pou bezwen lojman epi detemine pwochèn etap la.

Sinistre ki pa te aplike pou asitans katastwòf kapab aplike sou entènèt, sou telefòn, oswa nan yon sant rekirepasyon Katastwòf.

Moun kI ap itilize yon sèvis relè tankou sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Operatè ki pale plizyè lang disponib.

FEMA te apwouve asistans dirèk pou lojman tanporè pou 10 komin: Jefferson, Lafourche, Livingston, Plaquemines, St. Bernard, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, Tangipahoa, ak Terrebonne. Pwogram sa fè plizyè lojman tanporè dirèk disponib pou sinistre Louisiana ki kalifye yo.

Mete sou pye pwogram lojman tanporè dirèk FEMA kapab pran plizyè mwa pou konplete. Yo mande evalyasyon teren ak zòn inondab yo, enstalasyon ak konstriksyon sèvis piblik, pami lòt bagay, anvan inite yo kapab disponib.

Pwogram Lojman pou Siklòn Ida nan Louisiana

Pwogram Lojman pou Siklòn Ida nan Louisiana se yon pwogram leta jere, ki kapab ofri yon solisyon pwovizwa nan dirèksyon pou rekiperasyon sinistre Ida. Pwogram etatik founi yon refij tanporè ki pa kolektif pou moun ak fanmi yo.

Pwogram sa konsantre sou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen kay ki frape oswa paka viv nan yo akòz domaj katastwòf. Rezidan Louisiana yo kapab anrejistre pou pwogram eta a pandan w ap vizite Idashelteringla.com oswa rele (844) 268-0301. Yon rezidan pa oblige aplike pou asistans FEMA, men li rekomnade anpil.

Tags:
Dènye mizajou