Kijan Pou Kreye Yon Kont FEMA Sou Entènèt

Release Date:
December 9, 2020

Ou kapab rann li pi fasil pou kominike avèk FEMA lè w kreye yon kont sou entènèt. W ap kapab telechaje dokiman yo epi tcheke estati aplikasyon ou nenpòt kote avèk yon koneksyon Entènèt.

Premyèman, si w pat enskri nan FEMA, ou dwe oswa:

Ou pral bezwen enfòmasyon ki swiv yo pou konplete enskripsyon ou an:

  • Nimewo Sekirite Sosyal oswa SSN yon timoun ki minè nan kay la ki se yon Sitwayen Ameriken, ki Pa Sitwayen Ameriken oswa Etranje Kalifye;
  • Revni Anyèl Nan kay la;
  • Enfòmasyon sou Kontak (nimewo telefòn, adrès lapòs, adrès imèl, avèk adrès kay ki domaje a);
  • Enfòmasyon sou Asirans (non konpayi asirans la, kouvèti pwoteksyon, elatriye.); avèk
  • Enfòmasyon sou kont labank. Si ou kalifye pou resevwa asistans finansye, lajan kapab depoze elektwonikman nan kont ou.

Pou kreye yon kont pou asistans-dezas sou entènèt:

Ale sou sitwèb  https://www.disasterassistance.gov/.

Chwazi bouton Create Account (Kreye Kont) lan ki anba paj la epi swiv enstriksyon yo. Ou dwe verifye idantite ou anpremye:

  1. Klike sou bouton Check Status (Tcheke Estati) a ki sou Paj Dakèy la oswa nan lis Get Assistance (Jwenn Asistans) lan.
  2. Klike sou Create Account (Kreye Kont).
  3. Antre dat nesans ou avèk nimewo Sekirite Sosyal ou.
  4. Reponn kat (4) kesyon yo pou pwouve kilès ou ye.

W ap genyen de (2) chans pou konfime idantite ou. Si ou echwe nan dezyèm fwa a, w ap jwenn yon mesaj ki di, “Your answers do not match our records.” (Repons ou yo pa matche avèk dosye nou yo). Si sa rive, klike sou Home (Paj Dakèy) epi ale nan etap 1 anlè a pou eseye ankò.   

Apre ou fin verifye idantite ou, ou kapab:

  1. Kreye yon ID itilizatè avèk modpas.
  2. Antre yon adrès imèl. Se sèl fason nou kapab voye yon PIN ba ou epi w ap bezwen sa pou jwenn aksè nan kont ou. Yo pral voye yon PIN tanporè ba ou nan adrès imèl ou te antre a. Ou ta dwe resevwa li nan 24 èdtan.
  3. Lè w resevwa PIN ou an, swiv enstriksyon yo ki nan imèl la pou fini kreye kont ou an.

Apresa, w ap kapab telechaje dokiman enpòtan yo nan Upload Center (Sant Telechaje) a. Paj sa a ap mennen w kote pou konekte si w ta retounen pou ajoute plis dokiman: https://go.usa.gov/xUPX5.

OU PRAL BEZWEN YON KÒD AKSÈ SEKIRIZE KI NESESÈ POU GEN AKSÈ NAN KONT OU AN. KÒM KÒD LA VALAB SÈLMAN POU YON (1) KONEKSYON, LI GEN PLIS SEKIRITE PASE YON MODPAS OSWA PIN KI KA RE-ITILIZE.

Ou kapab chwazi pou jwenn kòd ou nan yon mesaj nan tèks, nan yon imèl oswa nan yon apèl telefòn. FEMA pran nimewo telefòn (yo) avèk adrès imèl nan enfòmasyon ou te bay yo pandan enskripsyon w nan FEMA.

Pou jwen èd pou kreye oswa jwenn aksè nan kont ou, rele nimewo gratis Biwo pou Asistans pou Entènèt la, ki opere 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn: 800-745-0243.

Lè w rele nimewo Biwo pou Asistans pou Entènèt la, w ap bezwen bay enfòmasyon sa ki swiv yo:

  • ID Enskripsyon FEMA ou
  • Nimewo Sekirite Sosyal oswa SSN yon timoun ki minè nan kay la ki se yon Sitwayen Ameriken, ki Pa Sitwayen Ameriken oswa Etranje Kalifye

Biwo Asistans la pa kapab ba ou enfòmasyon oswa enstriksyon sou aplikasyon FEMA ou. Ou dwe kontakte Liy Dirèk FEMA a pou èd oswa vizite yon Sant Rekouvreman pou Dezas pou èd avèk aplikasyon an. 

Si w bezwen plis enfòmasyon oswa asistans:

Rele Liy Dirèk pou Èd FEMA a nan 800-621-3362. (TTY itilizatè yo ka rele 800-462-7585.) Sèvis Liy Dirèk Èd yo disponib sèt jou pa semèn depi 7 a.m. jiska 11 p.m. ET.

Pou jwen dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Oswa, sou Siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou