Asistans pou Fineray

Release Date:
Septanm 15, 2023

Si ou te depanse pou antèman oswa re-antere mò a lakoz Siklòn Idalia nan konte sa yo Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee oswa Taylor yo, ou kapab jwenn asistans fineray bò kote FEMA.

Asistans pou Lòt Bezwen FEMA

Pwogram Asistans pou Lòt Bezwen (Other Needs Assistance, ONA) FEMA bay asistans pou kèk depans pou fineray ki se lakoz yon katastwòf. Li kapab se depans sanzatann yo ak depans ki pa gen asirans pou yo. 

Pou fè demann pou asistans fineray, ou dwe aplike avan pou FEMA nan 800-621-3362, DisasterAssistance.gov, ale sou Sant Rekiperasyon Katastwòf la oswa Aplikasyon mobil FEMA.

Kalifikasyon pou depans yo kapab se depans pou transfere kò a, sekèy oswa po pou mete sann kò a, sètifika lanmò, kavo, boule kò a (kremasyon), antere kò a, depans pou re-antere kò a si se katastwòf la ki soti kò a anba tè ak/oswa se nan yon simityè familyal nan yon pwopriyete prive. 

Kritè Kalifikasyon

FEMA dwe verifye:

  • Yon sètifika lanmou leta bay oswa yon deklarasyon yon medsen lejis siyen, yon moun leta met la pou sa (kowone) oswa lòt moun ki sètifye pou deklare si lanmò a gen pou wè dirèkman oswa endirèkman ak katastwòf la.
  • Prèv ki montre poko peye frè fineray yo – yon resi oswa yon kantite lajan ki kapab verifye pou depans fineray yo ki montre moun ki aplike a te gen pou peye oswa gen pou peye pou antere, re-antere oswa pou depans fineray.
  • Konfimasyon depans fineray lòt resous pa t peye frè fineray yo. Lalwa di, FEMA pa kapab ba w sibvansyon le yon nenpòt lòt sous – avantaj Sosyal Sekirite ak Zafè Veteran – te kouvri depans pou menm bezwen ki gen pou wè ak katastwòf la.
Tags:
Dènye Mizajou