Èd Legal Gratis Disponib pou Sivivan Ida nan New Jersey yo

Release Date:
December 2, 2021

Gen yon sèvis legal gratis ki disponib pou moun ki fè fas ak pwoblèm legal akòz rès siklòn Ida yo.

Moun ki rete nan konte Bergen, Essex, Gloucester, Hudson, Hunterdon, Mercer, Middlesex, Morris, Passaic, Somerset, Union ak Warren ki afekte nan katastwòf la ki pa kapab peye yon avoka kapab mande asistans legal gratis nan men liy dirèk Legal Services of New Jersey (LSN) nan www.lsnjlawhotline.org. Ou ka soumèt aplikasyon anliy nenpòt ki lè. 

Rezidan yo ka rele liy dirèk LSNJ la nan 888-576-5529 (888-LSNJ-LAW) tou. Yo louvri  8 a.m. jiska 5:30 p.m.

Sèvis sa a se yon patenarya ant New Jersey State Bar Association, American Bar Association's Young Lawyers Division ak FEMA.

Kèk egzanp asistans legal ki disponib gen ladan yo:

  • Ede garanti avantaj FEMA ak lòt avantaj gouvènman ki disponib pou sivivan katastwòf yo
  • Asistans ak reklamasyon asirans vi, medikal ak pwopriyete
  • Ranplasman testaman ak lòt dokiman legal enpòtan ki pèdi oswa detwi nan katastwòf la
  • Konsèy sou pwoblèm kote ki bay kredi ak moun ki dwe
  • Konsèy sou pwoblèm ant pwopriyetè ak lokatè

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 2 nan twitter.com/FEMAregion2.

Tags:
Dènye mizajou