Asirans Inondasyon Pwoteje W Pandan Tout Ane a, Pa Sèlman Pandan Sezon Siklòn

Release Date:
March 26, 2021

Rezidan Lwizyann yo dwe achte oswa renouvle asirans inondasyon pou pwoteje tèt yo pandan tout lane a.

Sezon siklòn lan tonbe menm lè a chak ane, men risk inondasyon rive chak jou pandan tout lane a. Inondasyon se dezas natirèl pi dri epi ki jeneralman pa kouvri nan asirans pwopriyetè kay ni asirans lokatè. Sa enpòtan pou gen pwoteksyon kont inondasyon ki fèt akoz siklòn, tanpèt twopikal, gwo lapli, ak lòt sikonstans ki dirèkteman afekte Lwizyann. Kidonk, gen asirans inondasyon se meyè fason pou prepare kont dezas enprevi.

Inondasyon ka rive nenpòt moun, nenpòt ki kote. Li pa sèlman afekte moun k ap viv bò dlo epi li ka menm fèt nan zòn ki konsidere pa awo risk. Nan senk dènye lane sa yo, apepre 35 pousan dosye reklamasyon asirans inondasyon nan Lwizyann soti nan zòn ki konsidere ant piti e mwayen risk. Asirans inondasyon pwoteje w kont kalamite finansyè inondasyon an kòz. Sèlman mwens pase yon ka mèt kantite dlo ka pwodwi domaj ki koute $25 000.

Jeneralman gen yon peryòd atant pou 30 jou apre w fin aplike epi peye prim asirans lan avan asirans inondasyon an antre an vigè. Sepandan, pa gen ankenn peryòd atant lè se kreyansye a ki ekzije asirans inondasyon an.

Achte oswa renouvle asirans ou koulyea pou w ka pwoteje finansyèman epi pare pou inondasyon yo.

  • Asirans pou pwopriyetè kay ka bay kouvèti jiska $250 000 pou batiman an epi jiska $100 000 pou sa k gen anndan batiman an.
  • Pwopriyetè non rezidansyèl kapab asire yon batiman pou jiska $500 000 epi pou kontni anndan batiman an jiska $500 000.
  • Lokatè ka gen kouvèti pou kontni anndan kay yo jiska $100 000.

Asirans inondasyon kapab ede tou avèk relèvman kèlkelanswa si prezidan fè deklarasyon dezas. Rezidan yo pa dwe depann sou asistans dezas federal apre yon inondasyon, paske se pa tout evènman ki deklare kòm yon dezas federal, epitou asistans ijans konsevwa pou ede peye bezwen debaz avèk kou pou rann kay sinister a an sekirite pou abite. Asirans inondasyon kab ede w rejwenn eta w te ye avan dezas lan.  

Rete tèt fret nan inondasyon. Ou kab achte oswa renouvle asirans inondasyon si w rele konpayi asirans ou oswa yon ajan lokal endepandan ki ka ekri asirans inondasyon dirèk Pogram Nasyonal Asirans Inondasyon FEMA jere a. Vizite sit FloodSmart.gov oswa rele NFIP nan 877-336-2627 pou plis enfòmasyon.

Pou dènye enfòmasyon resan sou Siklòn Laura, vizite sit fema.gov/disaster/4559. Pou dènye enfòmasyon resan sou Siklòn Delta, vizite sit fema.gov/disaster/4570.  Pou dènye enfòmasyon resan sou Siklòn Zeta, vizite sit fema.gov/disaster/4577.   Pou enfòmasyon sou mezi pou aleje sikonstans yo, ale sou https://fema.connectsolutions.com/lauramit/. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 sou twitter.com/FEMARegion6.

Pale ak yon espesyalis Pogram Sansibilizasyon Edikasyon Kominotè (Community Education and Outreach - CEO). Rele: 833-FEMA-4-US oswa 833-336-2487 oswa vizite paj web CEO an pou li piblikasyon yo w ap kab itilize kòm gid pou relanse w: https://fema.connectsolutions.com/lamit/ or https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit/ pou Espayòl. Espesyalis sa yo bay enfòmasyon sou kouman pou repare epi konstwi ak plis sekirite, pi solid apre yon dezas.

Tags:
Dènye mizajou