Asistans FEMA Ka Disponib pou Re-Antèman nan Lwizyan

Release Date:
October 14, 2021

Asistans finansye pou re-antèman ka disponib pou sivivan Lwizyan apre Siklòn Ida te koze domaj nan simityè yo.

Ki moun ki kalifye epi ki sa ki kouvri? 

Sivivan yo ka elijib pou asistans re-antèman FEMA, si: 

  • Domaj nan sit kavo oswa vout anwo-tè ki te fèt poutèt Siklòn Ida.
  • Domaj la te rive nan youn nan 25 pawas yo deziyen yo: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana. 
  • Kavo a oswa vout la te nan yon simityè prive, simityè  ki gen lisans oswa etablisman antèman epi depans pou re-antèman se responsablite legal yon moun epi pa simityè an.

Asistans pou re-antèman ka gen ladan:

  • Transfè kavad, ki gen ladan jwenn, ranmase, ak idantifye sèkèy ki deplase
  • Sèkèy, resipyan, kavo, oswa in ki te domaje
  • Teren Antèman 
  • Makè oswa pyè ki te domaje akòz kadav ki te detere
  • Depans nesesè ki gen rapò ak idantifikasyon kò yo 
  • Tonb- travay nesesè pou re-antere

Asistans Endividyèl ak Asistans Piblik; Simityè prive ak piblik 

Pwogram Asistans Endividyèl (Individual Assistance, IA) FEMA a disponib pou sivivan fanmi yo te mete antere nan repo swa nan simityè piblik oswa prive. FEMA rekòmande sa a kòm pi bon apwòch pou sivivan ki bezwen èd pou re-antèman yo.

  • Yon simityè piblik defini kòm yon etablisman ki posede ak opere pa yon antite gouvènman ki kalifye.  Simityè prive ki abandone yo ka konsidere kòm piblik si yon antite gouvènman yo asime responsablite legal pèmanan pou simityè a, ki gen ladan operasyon ak antretyen li.

Pandan simityè piblik yo ka ranbouse atravè pwogram Asistans Piblik (Public Assistance, PA) FEMA, altènatif sa a disponib sèlman lè yo pa ka jwenn okenn manm fanmi ki ka reklame responsablite pou defen an. 

  • Asistans PA pou simityè piblik limite a sa sèlman pou diminye menas imedyat pou sekirite piblik la. 

Pou plis enfòmasyon oswa pou aplike pou asistans

  • Pou plis enfòmasyon sou asistans pou re-antere nan simityè piblik, kontakte Louisiana Statewide Cemetery Response Task Force nan 225-326-6056 oswa pa imèl nan cemeterytaskforce@ag.louisiana.gov.
  • Fason ki pi rapid ak pi fasil pou aplike se lè ou vizite Disasterassistance.gov.
  • Si li pa posib pou aplike anliy, rele 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone 24 sou 24, 7 jou sou 7. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
  • Sant Rekiperasyon Dezas FEMA yo louvri nan plizyè pawas ki afekte akoz siklòn nan. Techeke Aplikasyon FEMA oswa ale sou FEMA DRC Locator pou jwenn biwo ki tou pre ou ak èdtan fonksyonnman yo.
Tags:
Dènye mizajou