Asistans FEMA Kapab Ede Repare oswa Ranplase Chodyè yo

Release Date:
October 19, 2021

Èske w se yon pwopriyetè kay ki benefisye asistan FEMA pou reparasyon kay? Èske w te vin dekouvri Siklòn Ida te donmaje oswa kraze chodyè ou an?

Si asirans ou an pa te kouvri chodyè ou an, FEMA kapab bay lòt asistans pou repare oswa ranplase li. Men ou dwe fè apèl kote FEMA alekri epi rantre resi yo kapab verifye oswa pwofòma.

FEMA kapab peye jiska pri reyèl resi a oswa pwofòma a pou yon chodyè. Si te repare oswa ranplase chodyè a, FEMA kapab bay asistans lè yo soumèt resi oswa pwofòma ki valid nan apèl lan. Lè w ap aplike pou asistans, rasire w deklare tout donmaj Siklòn Ida fè nan chodyè a.

Finansman an disponib pou sivivan elijib ki nan konte Bronx, Kings, Nassau, Queens, Richmond, Rockland, Suffolk, and Westchester, ki te enkli nan deklarasyon federal katastwòf Siklòn Ida. Sèlman mèt kay ki abite nan kay lan k ap benefisye asistans lan. Kay vakans ak dezyèm rezidans yo pa elijib.

Aistans pou Repare Kay lan disponib sèlman pou mèt ki gen bagay ki pa asire oswa asirans pa kouvri ak depans ki gen rapò ak katastwòf lan ki gen pou objektif rann rezidans lan san danje, pwòp ak fonksyonèl. Asistans FEMA disponib tou pou lòt konpozan estritirèl ki nan rezidans prensipal ou an, tankou pwi, fòs septik, aparèy pou chofe dlo ak lòt aparèy elektrik yo.

Kenbe sa nan lespri ou: Ou dwe soumèt apèl lan alekri nan 60 jou apati dat lèt desizyon FEMA ou an. Epi sonje mete papye ki pou sipòte demann apèl tankou resi oswa pwofòma yo kapab verifye, pwofòma travayè endepandan oswa lòt prèv ki pou sipòte apèl ou an.

Lè w fin voye yon apèl bay FEMA, ou kapab rete tann yon lèt desizyon nan 90 jou aprè FEMA resevwa li.

Si w gen kesyon sou kijan pou soumèt apèl ou an, vizite yon Sant Rekiperasyon Katastwòf (Disaster Recovery Center) - DRC Locator (fema.gov) – oswa rele Liy Asistans FEMA nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè Liy Asistans yo disponib apati 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou. Peze de (2) pou panyòl, peze twa (3) pou genyen yon entèprèt ki pale menm lang ak ou.

Pou aplike pou resevwa asistans kont katastwòf lan, ou kapab rele Liy Asistans lan tou, vizite DisasterAssistance.gov oswa itilize aplikasyon mobil FEMA.

Moun ki pa gen gwo revni ki gen pwoblèm legal akòz Ida ka rele yon liy gratis pou jwenn konsèy tou: 888-399-5459. Si ou ta renmen pou yon founisè sèvis legal kontakte ou, ranpli yon fòm nan https://nysba.org/ida. Kèk egzanp asistans legal ki disponib gen ladan:

  • konsèy sou pwoblèm ant pwopriyetè ak lokatè
  • ede avèk kontra reparasyon kay ak kontraktè yo
  • kesyon ki gen rapò ak pwoteksyon konsomatè yo tankou ogmantasyon pri, prevansyon kont eskwokri travayè endepandan yo nan   pwosesis rekonstriksyon an
  • asistans pou jwenn èd leta
  • asistans ak reklamasyon asirans vi, medikal ak pwopriyete
  • konsèy sou pwoblèm ipotèk-sezi

Pou plis resous anliy, ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, vizite www.disasterassistance.gov epi klike sou "Enfòmasyon.”"

Pou referans nan ajans ki sipòte bezwen kominote-espesifik, rele 211 oswa vizite https://www.211nys.org/contact-us. Pou rezidan Vil New York, rele 311..

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou