Distribisyon Pwoteksyon Antwal pou Figi bay Sektè Andeyò Swen Sante a

Release Date:
April 28, 2020

FEMA, Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini (U.S. Department of Health and Human Services, HHS), Ajans Enfrastrikti Sibèsekirite ak Sekirite (Cybersecurity Infrastructure and Security Agency, CISA) ak Depatman Transpò Etazini (U.S. Department of Transportation, DOT) ansanm ak lòt ajans federal yo, ap distribye pwoteksyon antwal pou figi nan kad apwòch ak plizyè ramifikasyon ni an pou relouvri aktivite ekonomik ameriken an, an menm tan y ap travay pou limite pwopagasyon coronavirus (COVID-19) la.

Genyen yon efò distribisyon pwoteksyon antwal pou figi k ap fèt pou ede adrese demann pou pasaje k ap vwayaje nan avyon yo, transpò piblik, ak pasaje nan tren yo, etan y ap ranfòse efò relouvèti yo. Yo pa garanti disponiblite pwoteksyon antwal pou figi yo nan ayewopò yo, tranzit ak lokal stasyon tren pou pasaje yo e pasaje yo dwe suiv direktiv aktyèl ke liy ayeryen yo, ayewopò yo, ak ajans tranzit yo etabli yo. Moun ki gen demann pou pwoteksyon antwal pou figi yo dwe kontinye chèche jwenn yo sou mache lib la, etandone se pa tout demann yo gouvènman an ap kapab akòde. 

Tretman ak ekspedisyon premye alokasyon pwoteksyon pou figi yo te fèt nan dat 16 avril. Livrezyon federal pwoteksyon pou figi yo ap fèt dapre yon apwòch a de faz pou travayè enfrastrikti yo, premye entèvenan yo, ak pwodiktè pwodui alimantè yo ki pa bezwen ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) medikal nan kad travay toulejou yo.  

  • Anpil nan sektè enfrastrikti nou yo dwe jwenn aksè a pwoteksyon pou figi pou yo kapab pwoteje travayè yo e pou asire sèvis kritik yo kontinye nan tout kominote nou yo.
    • Distribisyon an baze sou analiz CISA pou sektè yo idantifye kòm enfrastrikti priyoritè yo.
    • Yo te fè yon premye alokasyon pou sektè enfrastrikti priyoritè yo te idantifye yo tankou pwodiksyon ak distribisyon pwodui alimantè, enèji, tretman dlo ak rezidi dlo, transpò esansyèl ak lojistik, premye entèvenan, kominikasyon, jesyon materyèl danjere, pwodiksyon materyèl medikal, ak materyèl asenisman ak dezenfeksyon. Yo te ekspedye plizyè milyon pwoteksyon pou figi nan plis pase 7,000 adrès. 
    • Y ap trete ak ekspedye yon alokasyon adisyonèl ozanviwon 100 milyon pwoteksyon nan sektè transpò, enèji, dig, chimik ak kominikasyon yo. Yo pral founi plis alokasyon lè sa nesesè, toudepann demann yo ak disponiblite pwoteksyon pou figi yo.
  • Alokasyon leta yo te gen ladan yo twa alokasyon pwopòsyonèl ki te totalize plis pase 20 milyon pwoteksyon. Apresa, eta ki te mande plis pwoteksyon pou figi yo te jwenn yo pou yo reponn demann yo te genyen yo.
    • Yo distribye pwoteksyon pou figi yo bay Resepsyon leta ak teritoryal, lokal Magazen ak Antrepo (RSS) yo oubyen lòt lokal yo deziyen dapre sa otorite leta ak teritoryal yo te detèmine yo.
    • Yo distribye pwoteksyon antwal pou figi otorite tribi yo te mande yo, dirèkteman bay tribi yo.
  • FEMA ak HHS ap trete plis pase 9.6 milyon pwoteksyon antwal pou figi ke yo pral livre bay 458 ajans transpò piblik ak Amtrak pou anplwaye ak pasaje yo.
  • FEMA ak HHS ap trete plis pase 86.7 milyon pwoteksyon antwal pou figi ke yo pral livre bay 450 ayewopò pou anplwaye ak pasaje.
  • Yo te ofri yon alokasyon bay manm eta ak nasyonal Òganizasyon Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Katastwòf (National Voluntary Organizations Active in Disaster, NVOAD) pou ede yo kontinye bay sèvis nan pwogram enpòtan pou popilasyon an; y ap trete ak ekspedye plis pase 20 milyon pwoteksyon anplis bay NVOAD pou rezon sa a.
  • FEMA ak HHS ap founi pwoteksyon pou figi tou bay depatman ak ajans federal yo ki gen fonksyon esansyèl pou ranpli misyon yo pou ankouraje sante ak sekirite nan espas travay la e nan egzekisyon misyon yo fas ak popilasyon an. 
    • Pwoteksyon pou figi sa yo pa ranplase PPE medikal yo ke moun ki travay nan enfrastrikti sa yo deja itilize. Yo fèt pou yo konplemante mendèv anplis nan zòn ki pa mande ekipman medikal yo. 

*Fèy enfòmasyon sa a te ajou sou 5 jen 2020

Tags:
Dènye mizajou