Gid pou retire debri ap ede w ansanm avèk kominote w

Release Date:
December 21, 2020

Si kay ou sibi domaj nan dlo, depannde ki wotè dlo a te monte, ou kapab pèdi aparèy elektwomenaje ou yo, pifò mèb ou, machin a lave ak seche ak refrijeratè.  Nenpòt bagay ki fonksyone sou elektrisite oswa ki pat fèt avèk plastik ki te tranpe ak posibleman pèdi.

Premye etap la se pou jete tout sa ki pèdi e ki pa kapab sove. Sonje pou pran foto tout bagay nan diferan ang kidonk ou kapab fè yon reklamasyon asirans. Gen kèk eritaj ak dokiman ou kapab sovgade.  Vizite https://www.fema.gov/media-collection/heritage-emergency-national-task-force pou w jwenn plis enfòmasyon.

Pandan wap deplase bagay ki mouye ak andomaje yo soti nan kay la, wap bezwen pou triye yo pa kategori epi mete yo sou bò wout la nan pil separe. Ou dwe mete tout sou bò wout la.

Men sis pil ou pral bezwen.  Ou pa vle manyen bagay yo de fwa:

  • Elektwonik: Sa yo gen ladan konpozan ki kapab danjere. Gen kèk pati ki kapab bezwen pou yo resikle.
  • Aparèy elektwo-menaje: Gen kèk ladan yo ki gen gaz oswa lòt konpozan ki bezwen manipilasyon spesyal. (Aparèy elektwo-menaje yo pafwa rele Machandiz Blan.)
  • Materyèl danjere: Dechè avèk pwopriyete ki rann li potansyèlman danjere pou sante imen oswa anviwonman an.
  • Materyèl vejetatif: Gwo pil branch ak branch bwa. Yo ka boule anpil yon gwo pati ladann epi restitye l nan kominote a sou fòm pay. Mezi sa yo redwi kantite dechè kap rantre nan yon dechaj pa 75 – 95 pousan.
  • Materyèl konstriksyon: Konpozan andomaje nan bilding ak estrikti yo—bwa, vè, metal, materyèl twati, mozayik, tapi, beton, ekipman.
  • Fatra nan kay la: Preske tout pwodui manje yo ki soti nan yon kay tap gade san refrijerasyon.

 

Depi tout bagay ki pa kapab eyape pare pou ranmasaj, rekiperasyon an kapab kòmanse.  Lè ou triye ak mete dechè yo sou bò twotwa a, ou pral gen pou kòmanse pran kontwòl pwòp sitiyasyon w: kominote w ap benefisye de yon rekiperasyon pi rapid epi ki koute mwens.

Tags:
Dènye mizajou