Asistans pou Bezwen Enpòtan nan Efondreman Bilding Surfside

Release Date:
Jiyè 2, 2021

Nan dat 2 Jiyè 2021, FEMA te otorize enplemantasyon Asistans pou bezwen enpòtan pou sivivan yo nan efondreman Bilding Surfside nan Champlain Towers South, 8777 Collins Avenue.

  • Asistans pou bezwen enpòtan se yon peman inik $500 pou kay ki kalifye yo ki gen bezwen imedyat oswa enpòtan paske yo te deplase nan kay prensipal yo.
  • Bezwen imedyat oswa enpòtan se eleman ki kapab sove ak soutni lavi sa ki gen ladan, men ki pa limite nan, dlo, manje, premye sekou, preskripsyon, lèt bebe, kouchèt, founiti medikal pou konsomasyon, ekipman medikal dirab, atik ijyèn pèsonèl ak gaz pou transpòtasyon.

Sivivan yo kapab elijib pou Asistans pou bezwen enpòtan si yo:

  • Konplete yon aplikasyon FEMA.
  • Pase pwosesis verifikasyon idantite FEMA.
  • Lè wap aplike avèk FEMA, afime ke yo gen bezwen ijan epi mande asistans finansye pou bezwen ak depans sa yo.
  • Gen yon rezidans prensipal anvan-katastwòf la nan Champlain Towers South, 8777 Collins Avenue nan Surfside, FL.

Sivivan elijib yo dwe anrejistre avèk FEMA pou resevwa Asistans Enpòtan

  • Sivivan yo ki te deja aplike avèk FEMA pa bezwen pran okenn lòt mezi pou resevwa Asistans pou Bezwen Enpòtan.
  • Sivivan yo ke adrès prensipal yo te nan Champlain Towers South, 8777 Collins Avenue bezwen pou aplike pou asistans FEMA si yo potko fè sa deja.
    • Pou aplike avèk FEMA, vizite Sant Asistans Fanmi nan Sea View Hotel nan 9909 Collins Avenue ouvè apati 12 p.m. pou rive 5 p.m. chak jou. Gen resous volontè lokal ak eta sou plas nan sant lan pou ede avèk bezwen adisyonèl.
    • Si ou pa ka aplike an-pèson, rele FEMA nan 800-621-3362 oswa
      TTY: 1-​800-462-7585 pou aplike.

Bezwen Asistans Enpòtan atribye anba pwovizyon lòt bezwen asistans ak Pwogram Moun ak Kay FEMA. Yo bay finansman yo pou bezwen Asistans Enpòtan ki konte nan finansman aplikan pou yon maksimòm $36,000 (Ane fiskal2021), ki se montan ajiste chak ane baze sou Endèks Pri Konsomatè Depatman Travay Etazini.  

Tags:
Dènye Mizajou