Asistans pou Lwaye ki Pwolonje: Li disponib, si w bezwen li.

Release Date:
April 19, 2022

Si w se yon moun ki viktim nan siklòn Ida, ou ka jwenn asistans pou lwaye ki pwolonje pou yon abri pwovizwa nan kad pwogram endividyèl ak fanmi nan FEMA. FEMA peye yon lwaye pwovizwa, sa gen ladan yon depo kòm garanti, nan yon zòn ki diferan ak espas kote kay ou a kraze a, pou ede w retounen kanpe sou de pye w.

Kote w ap lwe a kapab yon kay, apatman, oswa otèl. Asistans y ap bay la gen ladan sèvis piblik ki esansyèl tankou elektrisite ak dlo, men se pa ni kab ni entènèt. Montan yo apwouve pou lwaye a baze sou pousantaj mache lokal ki nan zòn ou an ki jis, jan depatman lojman ak devlopman iben ki Etazini an te kalkile l. 

Asistans pou Lwaye ki pwolonje kapab disponib sou baz yon bezwen ki pèmanan si pa gen yon lojman apwopriye ki disponib oswa si w pa t ranpli yon plan pou lojman pèmanan  Si w gen entansyon chèche asistans pou Lwaye ki pwolonje, ou pral bay resi pou pwouve ou te sèvi ak asistans FEMA w la pou lwaye. Konsève resi w yo pandan twa zan.

Ou ka kalifye pou w kontinye jwenn asistans si w:

  • Demontre w gen bezwen nan domèn finansye ki lye ak katastwòf la, epi
  • Montre w ap bati yon plan pou lojman alontèm oswa pèmanan oswa montre ki pwogrè w fè nan sans sa a. Devi pou reparasyon yon konstriktè bay kapab montre gen pwogrè, pa egzanp.

Yon plan pou lojman pèmanan se yon plan k ap pèmèt ou rejwenn yon lojman pèmanan ki an sekirite, ki pwòp, epi ki operasyonèl nan yon delè rezonab, sa gen ladan delè ki rezonab pou jwenn finansman, pou jwenn yon lojman pèmanan epi al abite nan lojman an. Ou dwe kontinye fè efò pou w jwenn yon lojman pèmanan pou w ka toujou kalifye pou asistans lwaye ki pwolonje.

Si w gen yon bezwen pèmanan, ou ka mande yon lòt asistans pou lwaye. 

  • Si w se yon lokatè, kontakte FEMA epi mande yon deklarasyon bezwen pou asistans lwaye ki pwolonje.
  • Si w se yon pwopriyetè, an jeneral, yo voye dokiman an nan lapòs 15 jou apre resepsyon asistans pou lwaye a.
  • Retounen fòmilè a nan FEMA, voye l pa mwayen kourye nan adrès sa a: FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-8055, fakse l nan (800) 827-8112, oswa voye l ale sou kont Sant Asistans pou Katastwòf nan FEMA ou a , disponib sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.

Nou ka akòde yon pwolongasyon pou asistans lwaye pandan peryòd twa mwa, jiska yon maksimòm 18 mwa apati 29 out 2021, ki se dat deklarasyon katastwòf siklòn Ida a.

Pou w ka kalifye pou asistans lwaye pwolonje a, ou dwe ranpli kondisyon ki vin annapre yo:

  • Ou te sèvi ak asistans lwaye a pou w peye lwaye.
  • Ou pa kapab retounen lakay ou paske w pa gen aksè oswa li pa apwopriye pou w viv la akoz katastwòf la.
  • Si w pa jwenn asistans, ou pap gen lajan pou peye lojman.
  • Pa gen okenn lòt kote ki te ba w asistans pou abri pwovizwa.
  • Ou bay detay sou plan lojman pèmanan w lan.

Pyès jistifikatif sa yo nesesè pou ranpli demann nan:

  • Nivo revni moun nan kay la anvan katastwòf la ak kounye a.
  • Kopi kontra-lwaye anvan katastwòf la, bòdwo sèvis piblik yo, ak enfòmasyon sou asirans lokatè a.
  • Kopi kontra lwaye oswa kontra lokasyon ou menm ak pwopriyetè a te siyen.
  • Resi lwaye, chèk anile oswa manda ki montre asistans lokasyon an te itilize pou peye pou depans lojman.

Li enpòtan pou w mete FEMA okouran sou enfòmasyon pou kontakte w yo ak sou eta lojman an.

Tags:
Dènye mizajou