Rezon Abityèl ki fè FEMA Detèmine Diskalifikasyon

Release Date:
January 4, 2023

Men kèlke rezon komen ki ka fè FEMA deside ke rezidan Kawolin di Sid ke Siklòn Ian te afekte pa kalifye pou asistans.

  • Ou p ap viv nan Charleston, Georgetown oswa Horry, twa konte ke FEMA te idantifye kòm kalifye pou aplike pou asistans sou baz deklarasyon prezidan an sou gwo dezas la.
  • Ou pa t voye bay FEMA dokiman oswa enfòmasyon li te mande yo. Li kourye FEMA w ak anpil atansyon epi voye enfòmasyon FEMA te mande w yo. Si enfòmasyon sa a pa disponib fè nou konnen poukisa.
  • Asirans oswa lòt sous deja kouvri domaj oswa pèt ou yo. Selon lalwa, FEMA pa ka ba ou sibvansyon lè nenpòt lòt sous – asirans, finansman kominotè oswa asistans finansyè nan men ajans volontè – te kouvri depans pou menm bezwen ki anrapò ak dezas yo. Pou di sa yon lòt jan, FEMA pa ka peye pou reparasyon kay si w te deja resevwa fon nan men konpayi asirans pou menm reparasyon yo.
    • FEMA pa bay montan ranplasman pou valè atik ki andomaje yo oswa asistans pou atik ki pa esansyèl. FEMA bay sibvansyon pou reparasyon pou rann yon kay sekirize, sanitè ak fonksyonèl.
  • Genyen plis pase yon aplikasyon ke yo depoze pou fwaye w. FEMA ap konsidere sèlman yon aplikasyon pa fwaye.
  • FEMA pat ka verifye ke w se pwopriyetè kay la. FEMA mande prèv pwopriyete nan men sivivan dezas ki bezwen èd ak reparasyon pou kay andomaje yo. FEMA verifye pwopriyete gras ak dosye piblik ak dosye gouvènman oswa gras ak revizyon dokiman w soumèt. FEMA gendwa fè verifikasyon pwopriyete nan moman enspeksyon an. Pou konteste desizyon FEMA a, soumèt dokiman ki pwouve ke w posede kay la ansanm ak lèt kontestasyon siyen w lan. Dokiman ke w ka itilize pou verifye pwopriyete:
    • Ak notarye oswa tit pwopriyete
    • Dokiman ipotèk
    • Dokiman asirans pwopriyetè
    • Resi taks oswa fakti taks pwopriyete a
    • Sètifika oswa tit pwopriyete
    • Kontra acha kay la (egz. Fakti Vant)
    • Dènye volonte ak testaman (ak sètifika lanmò) ki nome w eritye pwopriyete a
  • FEMA pa t ka verifye ke w ap viv nan kay la. FEMA verifye ke yon moun ap viv nan kay la gras ak dosye piblik ak dosye gouvènman oswa gras ak revizyon dokiman w soumèt. FEMA gendwa fè verifikasyon ke w ap viv nan kay la nan moman enspeksyon an. Pou konteste desizyon FEMA a, soumèt dokiman ki pwouve ke w ap viv nan kay la ak lèt kontestasyon siyen w lan.
  • FEMA pa t kapab verifye idantite w. Lè li verifye idantite w, FEMA anpeche magouy epi asire ke w resevwa asistans dezas kalifye. FEMA verifye idantite gras ak dosye piblik ak dosye gouvènman oswa gras ak revizyon dokiman w soumèt. Pou konteste desizyon FEMA a, soumèt dokiman ki pwouve ke w posede kay la ansanm ak lèt kontestasyon siyen w lan.
  • Kay ki andomaje a pa t rezidans prensipal ou. FEMA ofri asistans dezas pou kandida ki kalifye pou yon rezidans prensipal—kote w te viv pandan plis pase sis mwa nan ane a. FEMA p ap pran an kont plis pase yon sèl rezidans prensipal pou yon sivivan ak konjwen li.
  • Domaj ensifizan: Kay ou san danje pou rete ladann. Pa genyen ase domaj ke dezas fè nan kay ou, oswa domaj la pa afekte lefèt ke w ap viv nan kay la. Asistans FEMA pa kouvri domaj pou espas ki pa esansyèl, peyizaj ak manje ki gate.
  • Ou pa t rapòte domaj pou kay ou a. Si w te aplike pou asistans dezas federal men te di FEMA ke w pa genyen domaj lakay ou, FEMA ap jije ke w pa kalifye pou asistans.
  • Ou pa swete demenaje oswa ou pa gen obligasyon rete yon lòt kote pandan y ap fè reparasyon yo. Si FEMA detèmine ke kay ou inabitab akoz domaj dezas, ou gendwa kalifye pou Asistans Lokasyon Inisyal FEMA a. Si w te di ke pandan enspeksyon an ke w dispoze demenaje oswa pa bezwen rete yon lòt kote pandan y ap fè reparasyon kay ou ki andomaje, ou p ap kalifye pou asistans lokasyon tanporè FEMA a. Si bezwen kay ou te chanje, kontakte FEMA byen vit pou mete sitiyasyon lojman w ajou epi esplike poukisa w bezwen asistans lwaye. 
    • Lokatè: Si w ap viv nan yon apatman e pwopriyetè a egzije w kite pou fè reparasyon nan apatman an oswa bilding nan, rele Ling Asistans FEMA a nan 800-621-3362 soti 7è a.m. rive 11è p.m. chak jou epi mete sitiyasyon w ajou. Ou gendwa kalifye pou asistans.
  • Yon enspektè FEMA pa t rive jwenn ou nan enfòmasyon kontak ou te bay la. Ou dwe retounen apèl FEMA a epi mande enfòmasyon nan yon delè apwopriye. Si FEMA pa ka antre an kontak avè w, oswa w pa bay enfòmasyon yo mande w la, FEMA gendwa jije ke w pa kalifye.
  • Ou pa t rankontre enspektè a. Li enpòtan pou w li ak atansyon tout kourye FEMA yo. Oumenm oswa yon reprezantan ke w te idantifye alavans pou FEMA dwe prezan nan nenpòt randevou ak ofisyèl FEMA yo, oswa FEMA gendwa deside ke w pa kalifye pou asistans nan moman sa a. Si w toujou bezwen yon enspeksyon, rele Ling Asistans FEMA a nan 800-621-3362 soti 7è a.m. rive 11è p.m. chak jou epi mande youn.
  • Si w pa dakò ak yon desizyon FEMA, ou gendwa fè yon kontestasyon. Voye lèt kontestasyon w lan alekri. Swiv lyen sa a pou plis enfòmasyon sou Kijan pou w fè yon Kontestasyon Desizyon FEMA: https://www.fema.gov/fact-sheet/understanding-your-fema-letter-1.
  • Dat limit pou aplike pou asistans dezas FEMA se lendi 23 janvye. Men kijan:
    • Ale sou DisasterAssistance.gov
    • Sèvi ak aplikasyon mobil FEMA
    • Rele Ling Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Si w ap itilize yon sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Operatè ling asistans lan pale anpil lang e ling yo ouvri soti 7è a.m. rive 11 p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou yon entèprèt ki pale lang ou an.
    • Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike, ale sou youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw​​​​​​​

 

Tags:
Dènye mizajou