FEMA Ofri Konsèy Gratis Sou Reparasyon ak Rekonstriksyon nan Magazen Materyo nan Hammond ak nan Covington yo

FEMA Logo

BATON ROUGE, La. – Anpil estrikti te andomaje nan Siklòn Ida — anpil te tèlman andomaje grav, moun pa t ka abite ladan yo. Avèk letan ak efò, anpil nan batiman sa yo kounya nan reparasyon.

Dat: January 10, 2022 - January 15, 2022

Lè: 8:30 am - 7:30 pm

Location: Sou plas

Dirt Cheap Building Supplies
1000 Roma Ave.
Hammond, LA 70403
soti 8 è nan maten pou rive 6 è 30 nan aswè

Scott's Ace Hardware
1620 US Hwy 190
Covington, LA 70433
7 è 30 nan maten pou rive 6 è nan aswè

Detay Evènman an

Pandan efò pou rekiperasyon yo ap kontinye nan zòn ki andomaje yo, konsèy gratis disponib pou sila yo k ap repare oswa rekonstwi kay yi ak biznis yo.

Espesyalis nan limit dega FEMA yo ak magazen materyo lokal ak magazen pou amenajman kay yo mete ansanm pou reponn kesyon yo epi bay konsèy sou fason pou pwoteje kay yo kont domaj ki gen rapò ak katastwòf ki kapab rive tankou gwo van ak dlo. Espesyalis nan limit dega yo ap genyen tou, enfòmasyon sou chwa antreprenè, asirans kont inondasyon, reparasyon tèt kay ak lòt sijè. Ou pa bezwen pran randevou.

Soti lendi 10 janvye rive samdi 15 janvye, espesyalis nan limit dega FEMA yo ap nan Tangipahoa ak nan St. Tammany parishes nan adrès sa yo: 

Kontak pou Evènman an

Si w bezwen pale sou demann èd ou a, tanpri rele Liy Asistans la nan 800-621-3362 pou w pale ak yon espesyalis asistans endividyèl FEMA. Espesyalis sansibilizasyon pou rediksyon risk yo ofri konsèy jeneral pou rekonstriksyon epi yo p ap kapab pale sou detay espesifik sou ka endividyèl yo.

Ou pa ka deplase pou w vini? Tanpri rele nan 833-FEMA-4-US oswa nan 833-336-2487, pou pale ak yon Espesyalis Limitasyon Dega.  Ou kapab voye imèl bay yon espasyalis nan FEMA-LAMit@fema.dhs.gov. Vizite yon lyen sit wèb pou limit risk pou jwenn enfòmasyon sou reparasyon, reyamenajman, ak rekonstriksyon sou https://fema.connectsolutions.com/lamit, Vizite https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit pou Panyòl, oswa https://fema.connectsolutions.com/la-vie-mit pou Vyetnamyen.

Dènye mizajou