Dezas Istorik yo

Atravè istwa FEMA te gen dezas ki te lakòz gwo chanjman nan lejislasyon an epi, nan kèk ka, ki te katastwofik ase pou fè FEMA remodle fason l fonksyone.  Dezas sa yo konsidere kòm istorik poutèt enpak yo te genyen sou fason nou vin jere dezas similè annapre.

Siklòn Irma, Maria ak Harvey

Irma

Peryòd Ensidan an
4 septanm 2017 - 20 septanm 2017

Gwo Dezas Deklare
7 septanm 2017

Maria

Peryòd Ensidan an
16 septanm 2017 - 22 septanm 2017

Gwo Dezas Deklare
20 septanm 2017

Harvey

Peryòd Ensidan an
23 out 2017 - 15 septanm 2017

Gwo Dezas Deklare
25 out 2017

Nan lane 2017, nasyon an te fè fas ak yon sezon siklòn istorik nan Atlantik la. Efè siklòn youn dèyè lòt Harvey, Irma ak Maria yo te jeneralize, sa ki te lakoz dega ki te dire lontan atravè sid Etazini kontinantal la ak zile ki alantou yo, ansanm ak Puerto Rico ak U.S. Virgin Islands. Ajans nou an rasanble kominote a nan yon fason ki pat janm fèt anvan. Nou te jere koòdinasyon resous atravè plizyè kote pandan tanpèt youn dèyè lòt yo epi nou te deplwaye anpil nan manm pèsonèl federal yo anvan epi apre debakman tanpèt yo pou bay moun ki vivan apre yo ak kominote yo asistans.

Efò pou retablisman apre siklòn Maria yo ap fèt toujou epi yo pral tounen youn nan pi gwo efò imanitè ak rekonstriksyon apre dezas nan istwa nou.

feature_standalone img

Albòm Foto Siklòn Irma ak Maria

California Wildfires

Peryòd Ensidan an

8 oktòb 2017 - 31 oktòb 2017

Gwo Dezas Deklare

10 oktòb 2017

Anplis sezon siklòn ane 2017 la ki te fè anpil devastasyon, nan mwa oktòb menm ane a, dife forè rapid te ravaje kominote nan Nò California yo. Siksesyon dezas rapid epi san parèy te transfòme fason nou gade jesyon ijans epi te konsantre efò nou pou konstwi yon kilti preparasyon, pare nasyon an pou dezas katastwofik epi diminye konpleksite ajans nou an – poutèt ansanm, nou pataje responsabilite sa a.

Siklòn Sandy

Peryòd Ensidan an

27 oktòb 2012 - 8 novanm 2012

Gwo Dezas Deklare

30 oktòb 2012

Kapasite nou te teste nan lane 2012 lè Siklòn Sandy a te afekte tout Kot Ès la soti Florida rive Maine, ansanm ak eta ki lwen menm jan ak West Virginia, Ohio ak Indiana. Efè tanpèt la te konsiderab, pandan yo te kite milyon moun san kouran, detwi plizyè santèn milye kay epi lakoz plizyè dizèn milya nan dega. Manm ekip entèvansyon koòdone federal, eta ak lokal yo te travay di 24 sou 24 pou retabli kouran, transpò piblik, enfrastrikti ak sèvis esansyèl yo. Nou pran avantaj Fòs Kapasite Gwo Tansyon DHS la tou kòm miltiplikatè fòs pou asire yon entèvansyon konplè nan pote èd bay sa ki sibi enpak yo. Annapre, Kongrè a vin adopte Lwa 2013 sou Amelyorasyon Entèvansyon Sandy a pou rasyonalize retablisman enfrastikti piblik yo epi pèmèt tribi ki rekonèt sou plan federal yo fè yon demand deklarasyon prezidansyèl dirèkteman.

Siklòn Katrina

Peryòd Ensidan an

29 out 2005 - 1ye novanm 2005

Gwo Dezas Deklare

29 out 2005

Siklòn istorik Katrina a debake nan Mississippi, pandan li lakoz gwo devastasyon sou tout Gulf Coast la, sa ki te kite plis pase 1,800 moun mouri, deplase plizyè fanmi nan direksyon tout 50 eta yo epi pwovoke plizyè milya nan pèt nan enfrastrikti ak nan ekonomi an. Entèvansyon gouvènman federal la pou enpak konsiderab epi pètibatè Siklòn Katrina yo te fè fas ak kritik, sa ki te lakoz yon gwo reevaliyasyon egzekisyon efò entèvansyon federal nan ka dezas yo ak alokasyon resous yo. Kòm konsekans, Kongrè a te adopte Lwa 2006 sou Refòm Jesyon Ijans Apre Katrina a.

Lwa sa a te defini misyon prensipal nou epi nome Administratè FEMA nou an kòm konseye prensipal prezidan an, Konsèy Sekirite Enteryè a ak sekretè Sekirite Enteryè a pou tout zafè ki gen rapò ak jesyon ijans nan peyi Etazini. Lwa sa a te kodifye nan lalwa tou prensip kle ki di FEMA ka founi asistans federal akselere ak sipò kote li nesesè lè pa gen yon demand espesifik yon eta pou sove lavi epi evite soufrans.

Tranblemanntè Northridge California

Peryòd Ensidan an

17 janvye 1994 - 30 novanm 1994

Gwo Dezas Deklare

17 janvye 1994

Tranblemanntè Northridge 1994 la te teste nouvo refòm ki te vin annapre Siklòn Andrew yo. Nou te reyisi pran avantaj nan inovasyon nan teknoloji yo pou kreye sant sèvis ki pèmèt moun ki vivan apre yo aplike pou asistans federal nan telefòn olye yo fè l fasafas. Anplis, kòm valè atenyasyon katastwòf ki baze sou risk la te vin klè, nou te ankouraje kominote yo adopte pi bon pratik konstriksyon epi ogmante pwogram sansibilizasyon ki akse sou konstriksyon kominote ki ka reziste ak dezas.

Siklòn Andrew

Peryòd Ensidan an

24 out 1992 - 25 out 1992

Gwo Dezas Deklare

24 out 1992

Nan mwa out 1992, nasyon an te wè Siklòn Andrew detwi yon gwo kantite enfrastrikti atravè Florida ak Louisiana, pandan li te kite plizyè dizèn milye moun san kay. Kongrè a te adopte refòm atravè Lwa Stafford la pou rasyonalize operasyon federal sekou ak retablisman epi priyorize livrezon sèvis, preparasyon pou ijans ak mezi atenyasyon.

Siklòn Hugo

Peryòd Ensidan an

17 septanm 1989 - 22 septanm 1989

Gwo Dezas Deklare

20 septanm 1989

Siklòn Hugo te debake nan nò Charleston, South Carolina, nan lè minwi nan dat 21 septanm 1989, kòm siklòn Kategori 4 avèk van 135 mph. Gwo van tanpèt la rive lwen anndan tè a epi ond tanpèt la te inonde kot South Carolina a soti Charleston rive Myrtle Beach. Kèk èdtan apre, tanpèt la te ravaje yon gwo pati nan North Carolina. Se te siklòn ki te pi fò yo janm konnen ki te frape South Carolina, epi dezyèm siklòn ki te pi fò a — kòm rejis fyab yo te kòmanse nan lane 1851 — ki te frape kot Ès nò Florida a. Nan South Carolina sèlman, FEMA te founi 70 milyon $ bay moun ak fanmi pou lojman ak lòt depans ki gen rapò ak dezas epi 236 milyon $ pou retire debri, repare oswa ranplase sèvis piblik ak enfrastrikti epi pou mezi pwoteksyon ijan. Selon Sèvis Meteoloji Nasyonal la, Siklòn Hugo te siklòn yo te konnen ki te koute pi chè ki te frape peyi Etazini nan epòk sa a.

Dènye mizajou