Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

FEMA ka bay asistans finansyè pou ede kouvri depans demenajman w ak/oswa estokaj pou ou.

FEMA ka bay asistans finansyè pou ede moun ak depans swen timoun ki nouvo oswa ki ogmante akoz yon katastwòf pou fwaye ki elijib yo ak:

  • Timoun laj 13 an ak pi jèn; epi/oswa
  • Timoun jiska laj 21 lane ki andikape, selon jan lalwa Federal defini sa.

Dlo robinè ka kontamine epi pa bon pou sèvi ni bwè apre yon katastwòf.

  • Swiv rekòmandasyon presi ministè lasante eta, lokal, oswa tribi kote w rete a sou bouyi oswa trete dlo nan zòn ou abite a.
  • Piga w bwè, lave vesèl, bwose dan w, ni lave ak prepare manje, lave men w, fè glas, oswa melanje lèt an poud pou tibebe ak dlo ou panse ki (oswa yo te di w) pa pwòp.
  • Si dlo nan zòn ou abite a kontamine, sèvi ak dlo nan boutèy, dlo bouyi, oswa trete pou w bwè, fè manje, epi lijyèn pèsonèl ou.

Pou w pran plis ransèyman, vizite gid Ajans Pwoteksyon Anviwònman an sou Dezenfektasyon Ijan Dlo pou Bwè

Lè biwo fonksyone nan Sant pou Rekanpe Djanm nan Katastwòf (DRC, sig anglè) FEMA a yo varye selon chak kote. Tanpri vizite Lokalizatè DRC a pou ede w jwenn lè yo, sèvis yo, ak lokal DRC nan zòn ou yo.

Si ou fè plis pase plizyè yon demand èd, l ap pran plis tan pou resevwa l.

Reli lèt ki bay desisyon an, ou ap jwen rezon ou te pran refi, epi ki enfòmasyon nou bezwen pou ba nou. Anvan ou mande reverifye, li enpòtan pou ou konprann rezon premye refi a epi kisa ki dwe fèt si vle mande reverifye.

Depi ou fin kreye kont anliy ou a, FEMA ap voye sou imèl ou yon PIN tanporè 4 chif. Sa ka pran jiska 24 trè anvan ou resevwa PIN ou a. Verifye bwat move imèl ak vye imèl yo si ou pa wè imèl PIN la nan bwat resepsyon an.

DRC yo aksesib fizikman pou moun ki andikape ak lòt moun ki gen bezwen aksè ak fonksyonèl. Yo gen asistans videyo ak teknoloji adaptif tankou telefòn anplifye, telefòn soutit, telefòn videyo, pant chèz woulant ak lòt resous pou ede fè sèten tout kandida yo jwenn aksè a resous yo.

Kandida ki fè depans medikal ak dantè ki gen rapò ak katastwòf ki san asirans oswa ki pa gen ase asirans. Ou kapab elijib si:

  • Depans medikal oswa dantè ou fè a se te direkteman akoz katastwòf la.
  • Ou pa gen asirans oswa ou pa gen ase asirans pou depans medikal oswa dantè a

*Depans ki gen asirans oswa lòt sous yo pa elijib pou ranbousman FEMA

Apre yon ensidan inondasyon, ou dwe rapòte pèt ou fè a imedyatman bay ajan asirans oswa konpani a. Fè sèten ou poze yo kesyon sou pèman alavans. Èske ou bezwen èd pou w jwen yon ajan oswa konpani asirans? Rele NFIP nan 877-336-2627.

Dènye mizajou