Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Depatman ameriken pou ebèjman ak Devlopman Katye bay kèk konsèy sou dwa lokatè yo. Plis sipò kapab disponib si ou rele gratis èd jiridik la nan (800) 310-7029.

Legalman, FEMA pa gen dwa bay menm avantaj asirans deja bay. Polis asirans kapab deja kouvri Depans Adisyonèl pou Sibsistans oswa Depans anplis pou Ebèjman, ki se yon kouvèti ki bay lajan anplis pou peye ogmantasyon depans chak jou, tankou peye ebèjman tanporè, paske ou toujou pa kapab al viv lakay ou aprè konpayi asirans fin peye domaj li kouvri yo.

FEMA kapab bay Ranbousman Depans Ebèjman (LER ann anglè) sèlman si yon moun ki aplike pat jwenn èd pou ebèjman nan men okenn lòt òganizasyon (egzanp òganization benevòl) pou menm pedryòd li mande LER la.

Moun ki aplike ka voye kopi fakti ebèjman yo anliy sou kont Disasterassistance.gov yo. Nimewo dosye ak DR-4611-LA a dwe parèt sou tout dokiman yo. Telechaje instriksyon sou kijan pou voye dokiman ou yo. Enfòmasyon sa disponib nan plizyè lang.

Viktim katastwòf kapab voye demand yo pa lapòs nan: P. O. Box 10055 Attn: FEMA Hyattsville, MD 20782-8055 

osinon Fax 1-800-827-8112 (Paj kouvèti obligatwa)

Si ou te relokalize oswa deplase ann ijans, epi ou pa konn si kay ou sibi gwo dega, eskplike FEMA nan ki sitiyasyon ak pi bon fason pou yo kontakte ou. Pou kontakte FEMA rele nan 800-621-3362 Si ou itilize yon sèvis ki releye videyo, oswa yon sèvis telefòn ak soutit, oswa lòt sèvis kominikasyon, silvouplè bay FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.

  • Ou kapab aplike oswa mete enfòmasyon ou yo ajou etan sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, lè w rele 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) oswa atravè aplikasyon mobil FEMA a (FEMA mobile app).
  • Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

FEMA bay èd lajan pou aplikan elijib ki pa gen asirans oswa asirans yo limite, men èd sa yo bay sèlman apre asirans moun deja peye relamasyon yo. Èd pou katastwòf la ka gen èd lajan pou ebèjman tanporè ak reparasyon kay, prè ak to enterè ki byen ba pou peye dega nan kay la ki pa t asire ansanm ak lò pwogram pou ede moun ak pwopriyetè bisnis rekanpe djanm apre dega katastwòf la fè sou yo. FEMA pa kapab bay menm avantaj asirans deja bay oswa peye franchiz asirans la pou ou.

Al sou paj Jwenn Èd la pou ka wè diferan èd ou ka petèt jwenn.

Ou mèt rete tann repons demand reverifye a jiska 90 jou apati de lè dokiman yo te rive a.

Si ou santi w gen difikilte apre yon katastwòf, men kèk aktivite ou ka eseye fè pou soulaje estrès la:

  • Pale ak lòt moun. Rele yon zanmi oubyen fanmi ou fè konfyans, oswa yon dirijan espirityèl pou eksplore ki sans evènman an gen pou ou.
  • Detire kò w epi fè mouvman pou retire eksedan sekresyon estrès ki akimile nan kò w. Eseye mouvman senp tankou mache, oswa meditasyon si posib
  • Pran gwo souf ki ap kalme w
  • Fè mizik. Kreye yon lis mizik pou tèt ou epi tande li souvan
  • Swen pèsonèl enpòtan. Pran tan pou fè sèten ou repoze ase epi bwè kantite dlo sifizan

Pou ede w pran swen tèt ou, gade nan feyè enfòmasyon Administrasyon Sèvis pou Toksikomani ak Sante Mantal afiche a.

Si ou te ranpli aplikasyon pou asistans ak katastwòf FEMA a, yo ap konsidere w pou Asistans ebèjman Tranzitwa a (TSA) si gouvènman eta, teritwa, oswa tribi kote w rete a aprouve pwogram nan. FEMA ap voye avi ba ou si ou elijib pou pwogram lan.

Dènye mizajou