Siklòn Ida

Aplike pou Asistans

Asistans pou Abri

Konsèy Sekirite Apre -Siklòn

Resous pou Zòn ki Afekte yo

Netwayaj, Reparasyon ak Rekonstwiksyon

Rimè ak Fwod

Twous pou Medya

Kominike pou laprès ak fèy enfòmasyon

Nou kontinye travay avèk patnè federal, eta, lokal, tribi ak kominote pou sipòte repons kontinyèl pou Ida. Kòm efò netwayaj kòmanse nan plizyè eta, paj sa a ofri enfòmasyon jeneral ak eta-espesifik ak resous ki gen rapò ak aplike pou asistans, sekirite apre tanpèt ak nouvèl ak pwodwi miltimedya.

alert - info

Aprann plis sou repons a Siklòn Ida atravè tout ajans federal sou USA.gov.

Aplike pou Asistans

  • Sou entènèt nan AsistansDezas.gov
    • Rele 1-800-621-3362 oswa TTY 1-800-462-7585. Orè: 7 a.m. jiska 1 a.m. ET, 7 jou sou 7.
      • Si ou itilize yon sèvis relè (yon telefòn-videyo, InnoCaption, CapTel, elatriye), tanpri bay nimewo ou ki asiyen nan sèvis sa a. FEMA kapab kontakte ou. Prete atansyon paske koutfil FEMA yo parèt nan yon nimewo ki pa idantifye.

Akòz aktivite dezas aktyèl la, n ap resevwa anpil koutfil. Fason ki pi rapid pou aplike, se sou entènèt nan AsistansDezas.gov

alert - info

Èske w te aplike deja pou asistans? Tcheke estati w sou entènèt.

Ajan nou yo p ap kapab plis enfòmasyon konsènan enspeksyon yo. Yon enspektè FEMA pral kontakte w anvan enspeksyon ou. Tanpri kontinye siveye estati dosye ou a sou entènèt.

Asistans pou Jwenn Abri

alert - warning

Pou lokalize yon abri toupre w vizite Kat Abri Kwawouj  oswa telechaje  Aplikasyon FEMA.

Asistans Abri Tranzisyonèl FEMA te aktive pou sivivan Lwizyàn pou pèmèt akoutèm, opsyon abri annijans nan otèl k ap patisipe yo.

Pou resevwa asistans pou abri, kòmanse po lè w  aplike pou asistans. Ou dwe genyen yon ID enskripsyon FEMA ak apwobasyon nan FEMA pou patisipe. Si FEMA te kontakte w konsènan asistans pou abri, ou kapab  Chèche otèl k ap patisipe yo.

Konsèy Sekirite Apre-Siklònafety Tips

Sekirite se priyorite nimewo en apre nenpòt tanpèt. Fè atansyon nan zòn ki gen domaj, inondasyon ak blakawout.

  • Itilize Dèlko yo avèk prekosyon– Mete yo deyò epi lwen ak kay ou (gade videyo anba a).
  • Evite mache oswa kondi nan mitan dlo inondasyon anndan, deyò ak ozalantou kay ou.
  • Netwaye avèk prekosyon - mete rad ak ekipman pwoteksyon sou ou, sèvi ak yon mask epi mande èd pou deplase debri lou yo.

W ap jwenn plis konsèy sekirite apre-tanpèt nan Ready.gov ak USA.gov.

PSA: Kijan pou Itilize Dèlko yo San Danje

Dèlko ki mache ak gaz yo kapab yon gwo sous puisans elektrik, men itilizasyon yo vini ak risk. Lè ou konnen ki jan pou sèvi ak yon dèlko kòmsadwa ap kenbe ou menm ak tout kay ou an sekirite.

Aprann plis sou blakawout yo ak sou kijan pou itilize dèlko yo san danje nan lang Angle ak Panyòl.

Resous pou Zòn ki Afekte yo

Louisiana

alert - warning

Rezidan Louisiana yo: Pou w jwenn dènye nouvèl sou tanpèt la tèks "IDA" nan 67283.

New Jersey

New York

Netwayaj, Reparasyon ak RekonstwiksyonClean-Up, Repair and Rebuild

Graphic
Operation Blue Roof (Twitter)

Operasyon Tèt Kay Ble (Blue Roof)Operation Blue Roof

Nan Lwizyàn,  U.S. Army Corps of Engineers (USACE) te aktive pwogram Operasyon Tèt Kay Ble li a pou pawas ki apwouve pou asistans endividyèl yo. Rezidan yo ka enskri pou pwogram lan epi ranpli yon fòm Dwa pou Antre nan  TètKayBle.us.

Rele liy dirèk gratis 1-888-ROOF-BLU (1-888-766-3258) pou plis enfòmasyon.

Kijan pou Ede

VOLONTARYA KA DONASYON

Rekouvreman ka pran anpil ane apre yon dezas. Gen plizyè fason pou ede tankou bay lajan kach, atik ki nesesè oswa tan ou. Aprann plis sou kijan pou ede sila yo ki nan bezwen.

FÈ BIZNIS AK FEMA

Si ou enterese pou bay sèvis peye ak machandiz pou soulajman nan katastwòf, vizite sitwèb nou an Paj dakèy Fè Biznis ak FEMA page pou kòmanse.

Rimè ak Fwod

Malerezman, apre yon dezas gen souvan rimè kap kouri anpil ak èskrokri. Pwoteje tèt ou pou toujou tcheke sous enfòmasyon epi aprann kouman pou rekonèt èskrokri yo.

Pa konfye okenn moun ki ofri èd finansyè epi apre mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl.

  • Anplwaye DHS, FEMA, HHS ak CDC pa janm chaje pou asistans nan dezas.
  • Travayè dezas Federal ak lokal yo pa janm mande oswa aksepte lajan.
  • Pran prekosyon nou avèk vizit, apèl oswa imèl nan men moun ki deklare yo soti nan FEMA pou mande nimewo Sekirite Sosyal ou, kont labank oswa lòt enfòmasyon konfidansyèl. Bay kalite enfòmasyon sa a ka mennen nan  vòl idantifye.

Vizite Paj Dakèy Kontwòl Rimè Siklòn Ida

Rapòte Fwod Dezas

Twous pou Medya

Anba a ou ka jwenn Scripts Live Announcer, imaj, b-woulo, grafik ak videyo ki gen mesaj sekirite enpòtan nan divès lang, ki gen ladan angle, Chinwa, Panyòl, Vyetnamyen, franse, kreyòl ayisyen, Koreyen ak ASL.

Script Anonsè Andirèk

Graphic
Illustration of documents fearing factsheet (checkmark), graphics, and download documents

SCRIPT ASISTANS FEMA

Si ou se yon manm nan laprès la ou ka telechaje script nou an nan lang sa yo:

  • Angle
  • Chinwa
  • Franse
  • Kreyòl Ayisyen
  • Koreyen
  • Panyòl
  • Vyetnamyen

Telechaje Script

Enfòmasyon pou Kontak Biwo Laprès

Imaj ak B-roll

Supplies Arrive in Louisiana Ahead of Hurricane Ida

SIPO ANNAKSYON

Gade imaj ak videyo Siklòn Ida pou wè kijan nou ap sipòte sou teren an.

Gade Imaj yo

External Link Arrow

Telechaje Videyo B-roll yo

External Link Arrow

Grafik yo

Graphic
Tips for survivors if power is lost.
Graphic
Flood water is dangerous
Graphic
3 ways to apply for disaster aid (ig-story) (Vietnamese)

Videyo ak Reklam Sèvis Piblik

PSA: LIS VIDEYO PREPARASYON POU DEZAS YO

Gade lis Videyo Preparasyon pou Dezas an Angle (videyo anba), ChinwaPanyòl  ak Vyetnamyen .

MESAJ ASL CHAK JOU YO

Kominike pou laprès ak fèy enfòmasyon

Gen inondasyon sanzatann lè anpil lapli tonbe twò vit epi pandan twòp tan pou tè a absòbe tout dlo sa yo. Rezidan Louisiana yo abitye ak loray. Men, si youn nan selil loray sa yo vin kanpe sou tèt yon zòn epi li lage yon gwo kantite lapli pandan plizyè èdtan, sa kapab lakoz yon seri inondasyon danjere ki fèt sanzatann ki menase lavi moun ak byen yo.
illustration of page of paper Fich Enfòmasyon |
Anvan dlo a te kòmanse bese epi van yo te vin kalm an 2017, yon fraz te demake rès yo pou senbolize rekouvreman - "VI Strong." Ekspresyon sa a non sèlman reflete lespri moun Zile Vyèj yo, men tou kaptire efò rekiperasyon yo nan senk (5) dènye ane ki sot pase yo. Bati “VI Strong” vle di sèvi ak resous pou non sèlman rebati sa ki te pèdi, men tou pou rebati sa ki pi solid ak pi rezistan pou pwoteje kont katastwòf yo alavni.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
NEW YORK – uit (8) mwa ki vini apre rès Siklòn Ida te ravaje kay, biznis, enfrastrikti nan eta New York, FEMA, Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini ak Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon, te apwouve prèske 800 milyon dola pou ede Abitan New York yo retabli epi rekonstwi.
illustration of page of paper Nòt Laprès |
Si w se yon moun ki viktim nan siklòn Ida, ou ka jwenn asistans pou lwaye ki pwolonje pou yon abri pwovizwa nan kad pwogram endividyèl ak fanmi nan FEMA. FEMA peye yon lwaye pwovizwa, sa gen ladan yon depo kòm garanti, nan yon zòn ki diferan ak espas kote kay ou a kraze a, pou ede w retounen kanpe sou de pye w.
illustration of page of paper Fich Enfòmasyon |
Si w te resevwa yon lèt FEMA ki di ke enfòmasyon ou bay yo pa konplè oswa ou pa kalifye pou w resevwa asistans pou katastwòf, ou gen dwa fè apèl kont desizyon an nan lespas 60 jou ki kòmanse apati dat ki sou lèt la.
illustration of page of paper Fich Enfòmasyon |
Dènye mizajou