Asistans Finerè COVID-19

alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

Kimoun ki kalifye?

Kisa ki kouvri?

Kisa ki obligatwa?

Kijan li fonksyone?

Si w ap kouvri depans pou yon antèman ki gen rapò avèk COVID-19, FEMA ka anmezi pou ede w.

You ka kalifye pou jiska $9,000 pou depans antèman.

3 women and 4 men in front of a blue circle

Rele 844-684-6333
Lendi-Vandredi
9 a.m. jiska 9 p.m. Lè nan Lès

Sèvis nan plizyè lang disponib

Si w itilize yon sèvis relè, tanpri bay FEMA nimewo espesifik yo ba ou pou sèvis la kidonk nou ka fè swivi avèk ou sou aplikasyon w lan.

Kimoun ki kalifye?

FEMA ka ba ou Asistans pou Antèman ki gen rapò avèk COVID-19 si:

  • ou se yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa sitwayen ameriken, oswa yon sitwayen kalifye ki pa ameriken.  
  • lanmò a te rive nan Etazini enkli teritwa Ameriken yo ak Distri Columbia, nan oswa apre 20 Janvye 2020;
  • lanmò an te atribye nan COVID-19; epi
  • ou responsab pou peye pou depans antèman ki elijib la ki te fèt nan dat 20 janvye 2020 oswa apre dat sa a

Kisa ki kouvri?

FEMA ka apwouve depans pou Asistans Antèman ki gen rapò avèk COVID-19 tankou:

  • sèvis antèman
  • kremasyon
  • antèman
  • depans ki asosye avèk pwodiksyon sètifika lanmò
  • depans akoz lwa oswa òdonans lokal gouvènman
  • transpòtasyon pou jiska de moun pou idantifye moun ki mouri a
  • transfè rès yo
  • sèkèyoswa urn
  • pasèl fineray
  • makè oswa wòch
  • klèje
  • seremoni antèman
  • ekipman oswa anplwaye mezon finèb

Pou aprann plis epi kòmanse yon aplikasyon, rele  844-684-6333.

Kisa ki obligatwa?

Ou dwe bay FEMA yon kopi ofisyèl sètifika lanmò a ki te rive nan  Etazini, enkli teritwa Ameriken y oak Distri Columbia, ki te rive apre 20 Janvye 2020, epi li te gen rapò avèk COVID-19.

Si yo te bay sètifika lanmò a ant 20 janvye ak 16 me 2020, li dwe swa 1) atribiye lanmò a dirèkteman oswa endirèkteman avèk COVID-19 oswa 2) dwe akonpaye pa yon deklarasyon ki siyen nan sètifikatè orijinal sètifika lanmò a, oswa Egzaminatè medikal lokal oswa doktè lejis ki soti nan jiridiksyon kote lanmò a te fèt la, ki bay lis COVID-19 kòm yon kòz oswa kòz ki kontribye nan lanmò. Deklarasyon sa a ki siyen dwe bay yon eksplikasyon anplis oswa yon chemen kozatif, ki lye kòz lanmò ki endike sou sètifika lanmò a ak COVID-19. Deklarasyon sa a ki siyen dwe bay yon eksplikasyon anplis oswa yon chemen kozatif, ki relye kòz lanmò ki endike sou sètifika lanmò a ak COVID-19.

Ou dwe bay FEMA yon kontra pou fineray ki siyen, yon fakti, resi, oswa lòt dokiman ki gen ladann:

  • non w, ki montre ou responsab pou kèk oswa tout depans yo
  • non moun ki mouri a
  • depans detaye
  • prèv ke depans yo te rive nan oswa apre 20 Janvye 2020

Pou aprann plis oswa kòmanse yon aplikasyon, rele 844-684-6333.

Kijan li fonksyone?

  1. Pou aplike, rele 844-684-6333 gratis ant 9 a.m. ak 9 p.m. Lè lès, Lendi-Vandredi. Reprezantan FEMA yo pral pran aplikasyon w lan, epi sèvis nan plizyè lang ap disponib. Yon reprezantan FEMA dwe ranpli Aplikasyon pou asistans fineray COVID-19 la; ou pa ka aplike sou entènèt.Li pral pran apeprè 20 minit pou aplike, epi oud we bay:
    • Nimewo Sekirite Sosyal ou ak dat nesans ou
    • Nimewo Sekirite Sosyal ak dat nesans moun ki te mouri a
    • Adrès postal aktyèl ak nimewo telefòn ou
    • Adrès kote moun nan te mouri
    • Si moun ki mouri a te gen kontra asirans pou antèman oswa antèman  
    • Si w te resevwa lòt asistans pou fineray (tankou don, sibvansyon Lwa CARES, asistans leta/teritwa, oswa èd òganizasyon volontè yo)
    • Si ou vle resevwa lajan ki kalifye pa depo dirèk, nimewo kont chèk ou ak woutaj oswa kont epay ou.
  2. Apre ou fin aplike, FEMA pral ba ou yon nimewo aplikasyon, epi ou kapab kreye yon kont sou DisasterAssistance.gov.
  3. Ou dwe soumèt dokiman sipò (pa egzanp, kontra fineray, resi, fakti, sètifika lanmò) pa:
    • telechaje sou kont DisasterAssistance.gov
    • fakse nan 855-261-3452
    • poste nan: P.O. Box 10001, Hyattsville, MD 20782.
  4. Depi FEMA fin resevwa tout dokiman obligatwa yo, li pral apeprè 45 jou pou yo fè yon desizyon sou elijiblite.
  5. Si FEMA apwouve aplikasyon w pou asistans pou fineray COVID-19, y ap depoze lajan sou kont labank ou oswa voye pa lapòs sou fòm yon chèk Depatman Trezò, selon opsyon ou chwazi pandan aplikasyon w lan. Anjeneral, lajan yo rive nan kèk jou apre apwobasyon an, epi w ap resevwa yon lèt notifikasyon.

Kesyon yo?

alert - info

Ou ka jwenn repons pou anpil kesyon adisyonèl nan paj KESYON YO POZE SOUVAN YO.

Rele 844-684-6333
Lendi-Vandredi
9 a.m. jiska 9 p.m. Lè nan Lès
Sèvis nan plizyè lang disponib
Si w itilize yon sèvis relè, tanpri bay FEMA nimewo espesifik yo ba ou pou sèvis la kidonk nou ka fè swivi avèk ou sou aplikasyon w lan.

Dènye mizajou