Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè

alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo

Mwen te responsab pou depans fineray pou plis pase yonsèl moun ke lanmò yo te gen rapò avèk COVID-19. Èske mwen ka aplike pou Asistans Fineray COVID-19 pou plis pase yonsèl lanmò? Èske gen yon limit?

Si ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 pou plis pase yonsèl moun, ou ka resevwa Asistans Fineray COVID-19 nan yon maksimòm $9,000 pou chak moun ki te mouri ak yon maksimòm $35,500 pou chak aplikasyon, pou chak eta, teritwa, oswa Distri Columbia, nan ka kote aplikan yo te fè depans pou fineray pou plizyè moun ki te mouri.

If you are approved for COVID-19 Funeral Assistance, you will receive funds by direct deposit or a check by mail, depending on which option you chose when you applied for assistance.

Non. Pou lanmò yo ki te rive apre 16 Me 2020, dokimantasyon pou Asistans Fineray COVID-19 dwe gen ladann yon sètifika lanmò ki atribye lanmò nan COVID-19 epi montre ke lanmò a te rive nan Etazini, enkli teritwa Ameriken oswa Distri Columbia.

Nan kad pwosesis revizyon aplikasyon an, FEMA valide dokimantasyon, e li ka rele mezon finèb la pou verifye resi oswa depans yo.

Non. Seksyon 408(e)(1) nan Lwa sou Asistans Ijans ak Soulajman nan Katastwòf Robert T. Stafford (Lwa Stafford) pa rekonèt mezon finèb oswa lòt biznis yo kòm benefisyè elijib nan fon federal anba Pwogram Moun ak Kay. FEMA pa p bay fon pou Asisans Fineray COVID-19 pou eta, tribi, teritwa, biznis, òganizasyon, ak lòt antite yo.

Asistans Fineray COVID-19 se yon kalite asistans ke yo bay daprè Pwogram Endividyèl ak Kay [Individuals and Households Program (IHP)] ki disponib pou sitwayen Ameriken yo, resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye. Pwogram Asistans Endividyèl ak Kay FEMA ak Gid Règleman [FEMA Individual Assistance Program and Policy Guide] bay definisyon ki annaprè yo:

  • Sitwayen Ameriken:  Yon moun ki fèt nan youn nan 50 Eta yo, Distri Columbia, Puerto Rico, Guam, Zile Vyèj, oswa Zile Nò Mariana; yon moun ki fèt deyò Etazini epi ki gen omwen youn nan paran yo se sitwayen Ameriken; oswa yon sitwayen natiralize.
  • Yon resòtisan ki pa Ameriken:  Yon moun ki fèt nan yon posesyon elwaye Etazini (egzanp., American Samoa oswa Zile Swain) nan oswa apre dat Etazini te akeri posesyon an, oswa yon moun ke paran li yo se resòtisan yon sitwayen ki pa ameriken.  Tout sitwayen ameriken yo se resòtisan nasyonal Ameriken, men se pa resòtisan nasyonal Ameriken ki se sitwayen Ameriken.
  • Etranje Kalifye:  Rezidan pèmananLegal ("detantè kat vè "); yon azile, refijye, oswa yon etranje ke yo kenbe depòtasyon l; yon etranje ki gen libète pwovizwa nan Etazini pou omwen yon lane; etranje yo akòde antre kondisyonèl (daprè lalwa anvigè anvan 1ye Avril 1980); Kiben/Ayisyen ki antre; etranje ki Etazini ki te sibi abi, batri oswa mechanste ekstrèm nan men yon konjwen oswa lòt fanmi/manm kay la, oswa ki te yon viktim  nan yon fòm trafik imen grav; etranje ki gen timoun yo te abize ak pitit etranje ke paran yo te sibi abi ki reponn nan sèten kritè.

Gen diferan kategori etranje ki prezan legalman nan Etazini ki pa elijib pou asistans anba Pwogram FEMA pou Moun ak Kay,  enkli Asistans Fineray COVID-19. Sa yo gen ladann, men li pa limite nan:

  • Sitwayen Eta Federe nan Micronesia, Palau, ak Repiblik Zile Marshall
  • Detantè viza touris tanporè
  • Etidyan etranje
  • Detantè viza travay tanporè
  • Eta, tribi, teritwa, biznis, òganizasyon, ak lòt antite yo.
  • Yon timoun minè kap aplike nan non yon adilt minè ki pa yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye.
    • Men, yon timoun minè ki se yon sitwayen Ameriken, resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye, ka aplike si yo fè dirèkteman depans fineray pou yon ka lanmò ki gen rapò avèk COVID-19 ansanm avèk dokiman ki sipòte afimasyon sa a.
  • Gen plizyè kategori etranje ki pa elijib pou Pwogram Kay ak Moun FEMA, enkli Asistans Fineray COVID-19.  Sa yo gen ladan, men li pa limite nan:
    • Sitwayen Eta Federe Mikwonezi, Palau, ak Repiblik Marshall Islands
    • Detantè viza touris tanporè
    • Etidyan etranje
    • Detantè viza travay tanporè

Non.

Nenpòt sous peman ki deziyen spesifikman pou peye pou yon fineray pou lanmò konsidere kòm yon repwodiksyon e li pa elijib pou ranbousman.  Sa a gen ladan asirans pou fineray oswa antèman, yon kontra ki planifye oswa peye alavans, yon fidisi ki peye alavans pou depans fineray, oswa yon fidisi irevokab pou Medicaid.

Pou w elijib pou Asistans Fineray COVID-19, ou dwe bay dokiman ki montre ke ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 nan oswa apre 20 Janvye 2020. FEMA pa ka bay asistans finansye ki doub nenpòt sous finansman ki deziyen spesifikman pou peye pou yon fineray anvan lanmò oswa pou lanmò ki pa gen rapò avèk COVID-19.

Aplikasyon pou Asistans Fineray COVID-19 la konplete pa yon ajan FEMA nan telefòn pou asire egzaktitid, e aplikan yo pral bezwen pou bay enfòmasyon ki annaprè yo lè yap rele pou aplike:

  • Nimewo Sekirite Sosyal pou aplikan ak moun ki mouri a
  • Dat nesans pou aplikan an ak moun ki mouri a
  • Adrès postal aktyèl pou aplikan an
  • Nimewo telefòn aktyèl pou aplikan an
  • Lokasyon oswa adrès kote moun nan te mouri
  • Enfòmasyon sou antèman oswa kontra asirans fineray
  • Enfòmasyon sou lòt asistans fineray ou te resevwa, tankou don, sibvansyon sou Lwa CARES, ak asistans ki soti bò kote òganizasyon volontè yo
  • Nimewo kont ak woutaj nan kont chèk oswa epay aplikan an (pou depo dirèk si li mande)

Yo pa pral mande w pou bay prèv asirans lavi. Montan lajan asirans lavi a pa p konsidere kòm yon repwodiksyon Asistans Fineray pou COVID-19.

Dènye mizajou