Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè
Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.
Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo
Pandanke FEMA pa mande yon kopi sètifye nan sètifika lanmò a, ou ta dwe swiv lwa eta lè ou soumèt dokimantasyon an, kòm sèten eta pa aksepte fotokopi, eskane, oswa transmisyon elektwonik pou dosye vital yo.
Asistans Fineray COVID-19 se yon kalite asistans ke yo bay daprè Pwogram Endividyèl ak Kay [Individuals and Households Program (IHP)] ki disponib pou sitwayen Ameriken yo, resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye. Pwogram Asistans Endividyèl ak Kay FEMA ak Gid Règleman [FEMA Individual Assistance Program and Policy Guide] bay definisyon ki annaprè yo:
- Sitwayen Ameriken: Yon moun ki fèt nan youn nan 50 Eta yo, Distri Columbia, Puerto Rico, Guam, Zile Vyèj, oswa Zile Nò Mariana; yon moun ki fèt deyò Etazini epi ki gen omwen youn nan paran yo se sitwayen Ameriken; oswa yon sitwayen natiralize.
- Yon resòtisan ki pa Ameriken: Yon moun ki fèt nan yon posesyon elwaye Etazini (egzanp., American Samoa oswa Zile Swain) nan oswa apre dat Etazini te akeri posesyon an, oswa yon moun ke paran li yo se resòtisan yon sitwayen ki pa ameriken. Tout sitwayen ameriken yo se resòtisan nasyonal Ameriken, men se pa resòtisan nasyonal Ameriken ki se sitwayen Ameriken.
- Etranje Kalifye: Rezidan pèmananLegal ("detantè kat vè "); yon azile, refijye, oswa yon etranje ke yo kenbe depòtasyon l; yon etranje ki gen libète pwovizwa nan Etazini pou omwen yon lane; etranje yo akòde antre kondisyonèl (daprè lalwa anvigè anvan 1ye Avril 1980); Kiben/Ayisyen ki antre; etranje ki Etazini ki te sibi abi, batri oswa mechanste ekstrèm nan men yon konjwen oswa lòt fanmi/manm kay la, oswa ki te yon viktim nan yon fòm trafik imen grav; etranje ki gen timoun yo te abize ak pitit etranje ke paran yo te sibi abi ki reponn nan sèten kritè.
Gen diferan kategori etranje ki prezan legalman nan Etazini ki pa elijib pou asistans anba Pwogram FEMA pou Moun ak Kay, enkli Asistans Fineray COVID-19. Sa yo gen ladann, men li pa limite nan:
- Sitwayen Eta Federe nan Micronesia, Palau, ak Repiblik Zile Marshall
- Detantè viza touris tanporè
- Etidyan etranje
- Detantè viza travay tanporè
Apre ou fin aplike pou Asistans Fineray COVID-19 lè ou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19, reprezantan FEMA ap ba ou yon nimewo aplikasyon FEMA. Ou pral bezwen pou enkli nimewo sa a sou nenpòt dokiman ou soumèt nan FEMA, oswa si ou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19 nan pita pou mande kesyon sou aplikasyon w lan.
Nan lespas 3 a 5 jou biznis apre ou fin aplike, FEMA pral voye yon lèt ba ou avèk enfòmasyon sou Asistans Fineray COVID-19 ak yon lis dokiman ou dwe soumèt.
Si ou itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, Innocaption oswa CapTel, tanpri bay FEMA nimewo spesifik ki asiyen a oumenm pou sèvis sa kidonk FEMA ka kontakte ou.
Non. Revni w pa afekte elijiblite w, byenke yo pral mande w pou bay revni anyèl brit kay ou lè wap aplike pou Asistans Fineray COVID-19. FEMA kolekte enfòmasyon sa a pou rezon demografik sèlman.
Asistans Fineray COVID-19 konsidere kòm yon peman inik pou depans fineray, e ou ta dwe aplike apre ou fin fè tout depans yo. Si ou te fè depans adisyonèl pou fineray apre ou fin resevwa Asistans Fineray pou COVID-19, ou pral bezwen pou soumèt yon apèl ak dokiman sipò (egzanp., resi, kontra mezon finèb, elatriye.). Asistans Fineray COVID-19 limite nan yon maksimòm $9,000 pou chak moun ki mouri.
Non. Asistans Fineray pou COVID-19 disponib sèlman pou moun yo ki te fè depans fineray pou yon lanmò ki te atribye nan COVID-19 nan oswa apre 20 Janvye 2020.
Yo dwe endike separeman chak depans nan yon pake sèvis fineray (sètadi., detaye). Dokimantasyon an dwe gen ladan tou:
- Non moun ki reponsab pou depans lan;
- Non moun ki mouri a;
- Kantite total depans antèman; ak
- Dat yo te fè depans fineray la.
Ou dwe bway yon kopi sètifika lanmò a, prèv depans fineray ki te fèt, ak prèv asistans fineray yo te resevwa nan men lòt sous.
- Sètifika lanmò a dwe endike ke lanmò a te koze pa, “te ka koze pa” oswa “te pwobableman akoz yon” COVID-19 oswa sentòm ki tankou COVID-19. Fraz menm jan ki endike yon gwo pwobabilite COVID-19 konsidere yon atribisyon sifizan.
- Lanmò a dwe rive nan Etazini, sa ki gen ladan teritwa Ameriken yo oswa Distri Columbia. Depans pou Fineray ki te rive pou yon sitwayen Ameriken ki mouri deyò Etazini pa elijib.
- Dokimantasyon pou depans yo (resi, kontra mezon finèb, elatriye.) dwe gen ladann non w kòm yon moun ki responsab pou depans yo, non moun ki mouri, depans fineray detaye, ak prèv depans fineray yo ki te fèt nan oswa apre 20 Janvye 2020.
- Ou dwe bay FEMA tou prèv fon ou te resevwa nan men lòt sous yo ki deziyen spesifikman pou depans fineray yo. Asistans Fineray pou COVID-19 pa ka double pwodui asirans fineray oswa antèman, kontra fineray ki peye oswa planifye alavans, fidisi ki peye deja pou depans fineray, fidisi irevokab pou Medicaid, asistans finansye ki soti nan òganizasyon volontè yo oswa ajans yo, oswa nenpòt lòt sous ki deziyen spesifikman pou depans fineray. Nenpòt asistans Fineray pou COVID-19 ap redwi nan kantite lajan lòt asistans ou te resevwa pou menm depans yo.
- Benefis asirans lavi pa konte kòm yon repwodiksyon benefis Asistans Fineray pou COVID-19.
- Eta, tribi, teritwa, biznis, òganizasyon, ak lòt antite yo.
- Yon timoun minè kap aplike nan non yon adilt minè ki pa yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye.
- Men, yon timoun minè ki se yon sitwayen Ameriken, resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye, ka aplike si yo fè dirèkteman depans fineray pou yon ka lanmò ki gen rapò avèk COVID-19 ansanm avèk dokiman ki sipòte afimasyon sa a.
- Gen plizyè kategori etranje ki pa elijib pou Pwogram Kay ak Moun FEMA, enkli Asistans Fineray COVID-19. Sa yo gen ladan, men li pa limite nan:
- Sitwayen Eta Federe Mikwonezi, Palau, ak Repiblik Marshall Islands
- Detantè viza touris tanporè
- Etidyan etranje
- Detantè viza travay tanporè

Prezidan an te apwouve finansman pou depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19-ki te fèt nan oswa apre 20 Janvye 2020, daprè Lwa 2021 sou Kredi Siplemantè pou Repons ak Sekou Kowonaviris ak Lwa 2021 sou Plan Sekou Ameriken. Yo pa t idantifye yon defisi nan finansman.