Kontwòl Rimè Louisiana (DR-4611)

Fè patisyon pa w pou sispann pwopagasyon rimè yo lè ou fè twa bagay fasil sa yo:

  1. Jwenn sous enfòmasyo ou fè konfyans.
  2. Pataje enfòmasyon ki soti nan sous ou fè konfyans.
  3. Dekouraje lòt moun pou yo pa pataje enfòmasyon ki soti nan sous ki pa verifye.

Nou pral pataje enfòmasyon sou rimè aktyèl yo oswa fwod ki gen rapò  Soulajman Siklòn Ida nan Louisiana sou paj sa a.

Jwenn plis enfòmasyon sou rimè kap kouri yo ak èskrokri nan men patnè nou yo:

Fwod

Pa fè okenn moun konfyans ki ofri èd finansye apresa ki mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl.

  • Anplwaye DHS, FEMA, HHS ak CDC pa janm chaje pou asistans katastwòf.
  • Travayè katastwòf federal ak lokal yo pa mande oswa aksepte lajan.
  • Pran prekosyon avèk vizit, apèl oswa imèl moun kap reklame yo de FEMA kap mande pou nimewo Sekirite Sosyal, kont labank oswa lòt enfòmasyon sansib. Lè ou bay kalite enfòmasyon sa kapab kondwi nan vòl idantite.

Rimè

Wi. Si demand èd FEMA ou a montre kay ou a sibi gwo dega nan tanpèt la, yon enspektè FEMA ap kontakte ou pou evalye nivo dega yo. Depandamman de evalyasyon sa, FEMA ap deside si ou kalifye pou resevwa jiska de mwa èd pou lwaye.

Lokatè yo ka aplike pou èd pou katastwòf nan FEMA. Men si ou gen asirans lwaye, kontakte founisè asirans ou a anvan pou depoze yon reklamasyon. Lè ou aplike pou èd FEMA, y ap mande w pou bay yon paj deklarasyon asirans ak yon lèt règleman oswa refi.

Si ou bezwen plis tan pou fini reparasyon kay la oswa pou ou jwenn yon kote pou ou rete, ou ka aplike pou èd pwolonje pou lwaye. Ou pral bezwen ranpli yon fòmilè FEMA ki rele Aplikasyon pou Èd Pwolonje pou Lwaye Tanporè epi bay tout fakti ak plan pou ebèjman definitif ki demontre aklè nesesite katastwòf la pwovoke.

Èd pwolonje pou lwaye kapab renouvle pa tranch twa mwa pou yon total maksimòm 18 mwa, si se nesesè.

Si ou kalifye pou èd tanporè pou lwaye a, FEMA ap refere ou bay yon lis pwopriyete tankou kay, apatman, otèl oswa motèl ki disponib pou lwe.

Non. FEMA pa kapab ba ou yon sibvansyon pou yon èd si ou deja resevwa l nan konpayi asirans ou, yon lòt ajans Leta, lòt sibvansyon pou katastwòf, oswa lòt avantaj ou resevwa nan mande èd.

Si asirans ou a anreta, FEMA kapab ba ou yon avans lajan men ou pral bezwen remèt lajan sa bay FEMA kou ou jwenn lajan asirans lan.

Viktim katastwòf ki deja aplike pou èd FEMA epi ki kite kay yo paske gen lòt dega ki rive nan kay la dwe rele FEMA nan 800-621-3362 oswa vizite yon sant pwovizwa pou rekanpe djanm apre katastwòf. Viktim katastwòf ki kite kay yo kapab kontakte FEMA menm si yo pat elijib pou èd nan yon premye demand. Tcheke App FEMA a oswa vizite lokalizatè FEMA DRC a pou jwenn ki kote ak kilè sant pwovizwa pou rekanpe djanm apre katastwòf yo louvri.

Lokatè Louisana ki nan sitiyasyon pou yo degèpi oswa yo te degèpi akòz Siklòn Ida ka resevwa èd FEMA nan kad katastwòf lan.

FEMA asosye avèk Asosyasyon Avoka Eta Louisiana ak Divizyon Asosyasyon Jèn Avoka Bawo Ameriken an tou pou bay èd legal gratis pou oun ki gen revni fèb ak bezwen legal katastwòf, tankou èd pou abòde kesyon degèpisman. Rele liy èd legal lan ki gratis nan (800) 310-7029, oswa ou ka jwenn konsèy legal sou entènèt nan Louisiana Free Legal Answers.

Non. Èd yo se pa prè labank, kidonk moun pa bezwen ranbouse yo. Se pa lajan gouvènman takse, epi yo pa anpeche moun jwenn Èd Sosyal, Medicare, Medicaid oswa avantaj Pwogram Adisyonèl Èd Alimantè (SNAP).

FEMA pa kapab bay menm èd yon lòt ajans Leta deja bay. Men, si yo te oblije ou kite kay HUB t ap sibvansyone, akoz dega katastwòf ofisyèl la, ou kapab vin elijib pou jwenn èd nan FEMA. Sa vle di fanmi ki oblije kite kay yo oswa lokatè ki:

  • T ap viv nan yon kay HUB sibvansyone
  • T ap viv nan yon apatman ki jwenn èd lwaye nan sibvansyon HUB
  • T ap viv nan yon kay prive gras a sibvansyon Seksyon 8 Chwa ebèjman yon otorite ebèjman

Si ou te resevwa èd lwaye ebèjman ak Devlopman Katye (HUB), ou kapab elijib pou jwenn lajan èd lwaye tanporè pou peye yon kote pou rete jiskaske:

  • Ou retounen nan Lojaman piblik la.
  • Ou retounen nan kay HUB sibvansyone; oswa
  • Ou siyen yon bayafèm ak yon mèt kay
    pou sibvansyon Seksyon 8 Chwa ebèjman an.

Éd la gen ladan l tou sibvansyon pou ranplase bagay esansyèl tankou rad and bagay nan kay, epi ranbouse ou pou gwo depans katastwòf la pote men konpayi asirans pa kouvri. FEMA pa kapab bay menm èd yon lòt ajans Leta deja bay

Dènye mizajou