Feyè Enfòmasyon: Lis Verifikasyon Pou Viktim Siklòn Florida yo

Release Date

Si ou se yon viktim dezas k ap eseye kanpe sou de pye ou apre siklòn Hermine oswa Matthew, men yon lis bagay pou w sonje pandan retablisman ou:

Rele ajan asirans (inondasyon, pwopriyetè kay) mwen:

Depoze reklamasyon ak ajan asirans ou pou bagay ou te pèdi ki kouvri sou asirans la.

Enskri ak FEMA pou bagay ou te pèdi ki pa gen pwoteksyon asirans oswa ki pa gen ase pwoteksyon:

Gen kat (4) fason pou w aplike:

  • Sou entènèt la  nan DisasterAssistance.gov

  • Sou Aplikasyon Mobil Fema a

  • Vizite yon Sant Retablisman Apre Dezas ki nan youn nan konte  ki deziyen yo (fema.gov/disaster-recovery-centers).

  • Rele 800-621-3362 ant 7è dimaten ak 10è diswa. Aplikan ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo yo kapab rele l 800-621-3362 tou. Moun ki soud, tande di, oswa gen pwoblèm pou pale, epi ki itilize yon  TTY kapab rele 800-462-7585. Gen operatè ki pale plizyè lang (peze 2 pou panyòl).

Resevwa yon Enspeksyon FEMA:

Si yon enspektè pa rele ou epi plis pase 10 jou gentan pase, rele FEMA ankò nan 800- 621-3362.

Li lèt detèminasyon FEMA a ak anpil atansyon:

Si lèt la di ou pa kalifye pou asistans FEMA, l ap di poukisa. Li tout lèt la nèt. Kapab gen plis pase yon rezon. Ou kapab bezwen bay enfòmasyon ki manke. Rele FEMA si ou bezwen èd. Mande pou yo rekonsidere dosye ou a.

Itilize sibvansyon FEMA mwen an byen:

Lèt detèminasyon yo di konbyen lajan yo ba ou pou chak rezon espesifik. Si ou depanse lajan an pou lòt bagay, ou kapab oblije remèt li.

Kenbe tout resi pou depans ki gen rapò ak dezas la:

Kenbe tout resi ak nòt pou tout jan ou depanse lajan sibvansyon FEMA a. Pliske FEMA gen dwa pou fè enspeksyon sou jan ou depanse lajan an, ou kapab oblije bay enfòmasyon sa a.

Vizite Yon Sant Retablisman Apre Dezas:

Gen èd pou viktim yo nan yon sant. Èd yo sa varye, epi yo gen ekspè Eta, FEMA, ak SBA oubyen reprezantan diferan òganizasyon charite ki kapab ede ou jwenn sa ki manke nan asistans apre dezas la.

  • Vizite yon prezantasyon FEMA pou Kontwòl Danje nan yon magazen ki vann ekipman pou antretyen kay: Ekspè nan rekonstriksyon yo kapab eksplike kijan ou kapab rekonstwi kay ou pi byen epi y ap ba ou feyè ak echantiyon.

Rete konekte ak FEMA:

Si adrès oswa nimewo telefòn ou ta chanje apre ou enskri, rele FEMA ak nouvo enfòmasyon ou. Si ou pa fè sa, FEMA p ap ka kontakte ou. Si ou gen nenpòt kesyon sou retablisman ou, tanpri rele nou nan 800-621-3362.

28 oktòb 2016

DR-4280-DR4283 FL FS 002

Dènye mizajou