Feyè Enfòmasyon: KESYON AK REPONS Konsènan Asistans Pou Dezas Florida a

Release Date

Enskripsyon Nan FEMA

Kesyon:  Èske viktim Fema yo kapab enskri pou asistans FEMA si yo gen asirans?

Repons: Wi.

Viktim yo kapab kalifye pou Asistans Pou  Dezas FEMA a  pou pèt oswa dega yo te sibi ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans ki kouvri yo.

Kesyon: Lè viktim yo enskri, èske yo kalifye epi resevwa peman nan men FEMA touswit?

Repons: Non.

Apre viktim yo enskri, n  ap gade aplikasyon konplè yo a, epi yon enspektè kapab rele yo pou pwograme yon enspeksyon lakay yo. Si viktim yo kalifye pou asistans, y ap resevwa yon chèk nan men Trezò Ameriken / Eta yo oswa yon notifikasyon pou fè yo konnen yo te mete lajan an dirèkteman sou kont yo labank. Yo kapab resevwa lòt asistans pita, selon kalifikasyon ak bezwen an patikilye yo genyen.

Kesyon: Èske viktim yo kapab enskri si konte yo pa nan lis deklarasyon prezidansyèl la?

Repons: Nou mande tout viktim siklòn nan te lakòz dega oswa pèt pou yo enskri, paske yo gendwa deziyen lòt konte pou asistans apre yo fin fè evalyasyon dega yo. Tanpri enskri sou entènèt DisasterAssistance.gov oswa rele 800-621-3362. Viktim ki soud, tande di, oswa gen pwoblèm pou pale epi ki itilize yon  TTY kapab rele 800-462-7585. Si viktim yo itilize 711 oswa VRS (Sèvis Relè Videyo) oswa yo bezwen akomodasyon lè y ap vizite yon sant, rele 800-621-3362. Gen operatè ki pale panyòl, (peze #2). Sant Retablisman Apre Dezas Louvri yo aksesib  epi ekipe ak zouti pou akomode viktim ki bezwen èd ak kominikasyon pou andikap yo. 

Asistans Pou Dezas FEMA

Kesyon: Èske li pran anpil tan pou viktim yo jwenn Asistans Pou Dezas?

Repons: FEMA gen espesyalis Asistans Endividyèl k ap travay nan Florida ak epi gen kèk viktim ki te deja resevwa sibvansyon. Espesyalis yo ap kontinye trete asistans pou viktim ki kalifye pandan lè yo resevwa aplikasyon.

Kesyon: Si viktim yo resevwa asistans FEMA, èske y ap redwi avantaj Sekirite Sosyal yo?

Repons: Non.

Asistans FEMA a pa pral afekte Sekirite Sosyal oswa lòt avantaj federal.

Asistans Dezas pa konte kòm revni

Asistans Dezas Pou Moun ki pa Sitwayen

Kesyon: Èske asistans federal la se sèlman pou sitwayen ameriken?

Repons: Non.

Viktim ki gen papye legal pou yo rete Ozetazini, men ki pa sitwayen ameriken, kapab kalifye pou asistans dezas pou dega yo te sibi. Aplikan yo dwe sitwayen ameriken, sitwayen ki pa ameriken, oswa etranje ki kalifye pou resevwa asistans ak lajan federal. Yon etranje ki kalifye p ap gen pwoblèm legal paske li aplike pou asistans.

Asistans dezas kapab disponib tou si yon moun nan kay ou gen dwa pou resevwa li. Pa egzanp, yon paran oswa responsab legal ki pa kalifye pou asistans kapab toujou aplike nan non yon minè ki se yon sitwayen ameriken, sitwayen ki pa ameriken, oswa etranje ki kalifye. Responsab la ap jis sètifye pou timoun nan.

An plis, kapab gen kredi pou ede ak dezas pou yon ti kras enterè disponib pou biznis tout gwosè pwopriyetè yo pa ameriken (tankou pwopriyete lokasyon), pwopriyetè kay ak lokatè nan men Administrasyon Ti Komès Ameriken (U.S. Small Business Administration, SBA).

Lokatè

Kesyon:  Èske lokatè yo kapab aplike pou asistans FEMA?

Repons: Wi.

Lokatè nan konte yo deziyen ki pa ka viv lakay yo akòz yon dezas kapab kalifye pou sibvansyon dezas FEMA pou ede peye lwaye ak lòt gran bezwen ki asosye ak dezas.

Delè Pou Aplikasyon an

Kesyon: Èske gen yon delè pou viktim yo aplike pou asistans dezas FEMA?

Repons: Delè pou viktim Siklòn Hermine yo aplike pou asistans dezas FEMA a se 28 novanm 2016.

Administrasyon Ti Komès Ameriken (SBA)

Kesyon: Èske se vre se sèlman biznis ki kapab resevwa kredi dezas ak ti kras enterè nan men SBA?
Repons: Non.

Kredi dezas ak ti kras enterè SBA yo disponib pou pwopriyetè kay ak lokatè ansanm ak biznis tout gwosè (tankou pwopriyete lokasyon) ak sèten òganizasyon karikati, pou dega dezas asirans yo oswa lòt konpansasyon pou kouvri tou.

Kesyon: Poukisa viktim yo ta dwe ranpli yon aplikasyon SBA?

Repons: Pwogram Kredi Pou Dezas SBA  a se yon etap enpòtan nan pwosesis retablisman an epi li disponib pou pwopriyetè kay, lokatè, biznis tout gwosè ak sèten òganizasyon karikati prive siklòn ki fenk so pase yo te afekte.

Si pwopriyetè kay ak lokatè yo pran refi pou yon kredi SBA, y ap voye yo tounen bay FEM pou konsidere lòt sibvansyon posib. Si yo pa ranplie epi remèt aplikasyon FEMA a, sa kapab kopue retablisman yon viktim.

Enspektè FEMA yo

Kesyon: Konbyen tan li pran pou yon enspekte lojman FEMA vizite?
Repons: Ou operasyon retablisman sa a, li pran detwa jou pou yon enspekte rele epi pwogram yon enspeksyon pwopriyete.

Dènye mizajou