Apre yon katastwòf, mètdam pwofesyonèl, vòlè idantite ak lòt kriminèl souvan ap fè tantativ pou pran avantaj sou sivivan yo nan katastwòf la. Nou ankouraje sivivan yo pou yo siveye ak rapòte nenpòt aktivite sispèk.
Pran prekosyon ou nan Fwod ak Eskwokri
Pwoteje idantite ou epi rete enfòme depi ou fè bagay fasil sa yo:
- DHS, FEMA, SBA p ap janm mande ou pou peye pou asistans akòz katastwòf.
- Toujou mande pou wè I.D. Anplwaye FEMA yo ap toujou gen yon badj idantifikasyon ofisyèl sou yo.
- Pa bay okenn enfòmasyon pèsonèl sof si w ap pale avèk yo reprezantan FEMA ou verifye.
- Rete konekte nan medya lokal ou fè konfyans pou konnen dènye enfòmasyon yo avèk ofisyèl lokal ou yo sou fwod ak eskwokri nan katastwòf.
- Kontakte ranfòsman lalwa lokal ou pou asire idantite ou pwoteje.
Rapòte Fwod ak Eskwokri yo

Kontakte Divizyon FEMA pou Ankèt sou Fwod ak Enspeksyon
Imèl: StopFEMAFraud@fema.dhs.gov
Telefòn: 866-223-0814
Faks: 202-212-4926
Pa lapòs:
400 C Street S.W.
Suite 7SW-1009
Mail Stop 3005
Washington D.C., 20472-3005
- Kontakte biwo pwoteksyon konsomatè eta kote w ap viv la.
- Rapòte koripsyon, fwod, gaspiyaj, abi, move jesyon oswa move konduit baEnspektè Jeneral Biwo DHS.
- Depoze yon plent avèk Sant Nasyonal pou Batay kont Fwod nan Katastwòf.
- Ale sou sitwèb IdentityTheft.gov pou rapòte vòl idantite ou epi pou jwenn idantite ou ankò.
Kesyon ak Repons Komen sou Fwod nan Katastwòf
Yon enspektè FEMA te vini lakay mwen, men mwen pa t aplike pou asistans FEMA. Kisa mwen ta dwe fè?
Fè enspektè a konnen ou pa t aplike pou asistans. Si enspektè soti lakay ou, rele Liy Èd FEMA nan nimewo 800-621-3362 epi fè yo konnen ou pa t aplike. FEMA pral sispann tout lòt pwosesis pou aplikasyon an.
Si ou itilize yon sèvis relè, tankou videyofòn , inokapsyon oswa CapTel, tanpri bay nimewo egzat ou ki afekte pou sèvis sa a.
Li enpòtan pou FEMA kapab kontakte ou, epi ou ta dwe konnen koutfil FEMA yo ka soti nan yon nimewo ki pa idantifye.
Operatè yo kapab ede ou tou si ou vle kreye yon nouvo aplikasyon pou aplike pou asistans FEMA.
Yon aplikasyon FEMA ki gen fwod se kapab yon siy vòl idantite. Pou jwenn enfòmasyon sou fason pou bay repons pou vòl idantite, ale sou sitwèb Identity Theft | FTC Consumer Information ak IdentityTheft.gov.
Pa kontakte Divizyon FEMA pou Ankèt sou Fwod ak Enspeksyon, Biwo Enspektè Jeneral DHS, oswa Sant Nasyonal pou Batay kont Fwod pou objektif pou rapòte vòl idantite.