FEMA nan tèt kole ak gouvènman an Zile Vyèj Etazini (Government of the U.S. Virgin Islands, GVI) an ak Biwo Retablisman apre Katastwòf nan Zile Vyèj (Virgin Islands Office of Disaster Recovery, ODR) anonse plizyè angajman ki fenk pran pou bay finansman siplemantè pou ede teritwa a rekanpe sou de pye l apre siklòn Irma epi Maria a. Yo debloke yon montan 161.5 milyon dola pou fè reparasyon ak ranplasman antèn kominikasyon sou Zile Sent Kwa, Sen Toma, ak zile Sen Jan, 205,9 milyon dola pou soutni ranpolasman inite pwodiksyon nan santral elektrik Randolph Harley nan Sen Toma, ak 661 milyon dola pou ranplase tibin ak jeneratè nan santral elektrik Richmond an nan Sent Kwa.
Press Releases
FEMA ap chèche elèv ki nan klas 8yèm ane rive nan 11yèm ane nan Zile Vyèj Ameriken yo ki fèm nan navige yon chemen nan direksyon lidèchip nan kominote yo pou aplike pou yon opòtinite pou rantre nan Konsèy Preparasyon Jèn yo. Konsèy la rasanble adolesan atravè nasyon an ki enterese nan preparasyon epi k ap chèche devlope rezo ki pral nouri siksè yo nan lavni.
Malgre dat limit pou aplike pou asistans FEMA pou Siklòn Milton ak/oswa Helene yo te pase, nou toujou disponib pou ede aplikan yo. Floridyen ki afekte nan tanpèt yo ta dwe rete an kontak avèk FEMA pou asire pwosesis asistans pou katastwòf yo rete valab.
Pwopriyetè kay ak lokatè nan Florid ki te sibi domaj nan siklòn Milton ak/oswa Helene gen sèlman yon jou ki rete pou aplike pou asistans FEMA. Dat limit aplikasyon an se 7 jan. 2025
Hickory, NC – Sou demann Gouvènè Cooper, sivivan tanpèt twopikal Helene nan Kawolin di Nò yo genyen kounye a jiska 6 fevriye 2025 pou aplike pou asistans nan FEMA.
Floridyen ki te sibi pèt nan Siklòn Milton ak/oswa Helene gen yon semèn ki rete pou aplike pou asistans federal. Dat limit lan se 7 jan. 2025
Floridyen ki te sibi pèt nan Siklòn Milton ak/oswa Helene gen de semèn ki rete pou aplike pou asistans federal. Dat limit lan se 7 jan. 2025
Hickory, NC – An patenarya ak gouvènman eta a ansanm avèk gouvènman lokal yo, 12 sant rekiperasyon pou katastwòf nan Ashe, Avery, Burke, Buncombe, Haywood, Henderson, Madison, McDowell, Polk, Rutherford, Transylvania ak konte Watauga pral fèmen nan 6 p.m. nan dat 23 Desanm pou jou fèt la.
FEMA te ouvri yon Sant Mobil Redrèsman apre Katastwòf nan Konte Lee pou bay Rezidan Florida ki afekte pa siklòn Milton ak Helene yo èd youn apre lòt. Sant lan kapab sèvi tou pou sivivan Siklòn Debby yo.
Yo afiche avi piblik sou sit entènèt FEMA a ki dekri asistans FEMA genyen ki disponib ak mezi ki pwopoze epi FEMA ap finanse, tankou aktivite ki ka afekte pwopriyete istorik, plèn ki inondab yo ansanm ak marekaj ki gen nan Florida apre siklòn Helene ak Milton yo.