Pa tann pou w aplike pou asistans federal pou katastwòf. Dat limit la se de semèn ale.
Press Releases
Dat limit pou aplike pou asistans federal pase pou pwopriyetè ak lokatè nan konte Charleston, Georgetown ak Horry ki gen pwopriyete yo andomaje apre Siklòn Ian. Nan yon ka ra, ou gendwa kalifye pou soumèt yon aplikasyon FEMA anreta.
FEMA ak Eta Florid ap ouvri yon lòt sant rekiperasyon pou katastwòf nan Konte Lee pou ede sivivan Siklòn Ian yo nan kote sa a:
Mwens pase kat mwa apre deklarasyon gwo katastwòf pou Siklòn Ian, Administrasyon Biden-Harris la te bay $5.2 milya nan asistans finansye, prè pou katastwòf ak asirans inondasyon pou Floridyen yo.
FEMA kontinye pwograme fowòm piblik ouvè atravè Sidwès Florid nan misyon li pou enfòme sivivan siklòn yo sou pwogram rekiperasyon leta ak federal ki disponib yo. Pandan twa mwa ki sot pase yo, FEMA te sipòte plis pase 100 reyinyon kominotè atravè yon zòn 20 konte kote Ekspè nan Domèn lan te disponib pou diskite sou pwogram yo, inisyativ eta a, asistans pou katastwòf, resous kominotè, ak mizajou yo. Evènman piblik sa yo se yon fason pou moun yo aprann plis sou fason pou yo pi byen prepare pou pwochen tanpèt la, resevwa repons pou kesyon konsènan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an (National Flood Insurance Program), epi elimine konfizyon ki genyen sou retire debri tanpèt yo nan pwopriyete pèsonèl yo.
Pwopriyetè Kay ak lokatè ki nan konte Charleston, Georgetown ak Horry counties ki te gen domaj nan kay yo apre Ouragan Iangen yon ti kantite jou ki rete pou yo enskri pou asistans lan.
Pandan ke pwopriyetè ak lokatè ap rekipere apre Siklòn Ian, espesyalman apre w fin aplike pou asistans FEMA, sikonstans ou gendwa te chanje.
Sivivan Siklòn Ian yo gen sèlman yon jou ki rete pou aplike pou asistans pou katastwòf ak FEMA epi aplike pou yon prè pou katastwòf ak enterè ki ba nan Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA).
Sitwayen k ap repare ak rekonstwi kay yo apre Ouragan Ian kapab ale nan Home Depot ki nan Myrtle Beach pou yo resevwa sijesyon ak konsèy sou fason pou fè kay yo pi solid ak pi pwoteje kont siklòn ak lòt danje.
FEMA ta renmen raple sivivan yo lè yo deklare de oswa plis katastwòf nan menm eta a, FEMA asire sivivan yo resevwa tout asistans ki elijib pandan y ap anpeche yon repetisyon nan benefis federal yo. Youn nan fason ajans lan reyalize sa se pou mande yon aplikasyon separe pou chak katastwòf. Si ou gen domaj oswa pèt pwopriyete nan Ian epi apre sa ankò nan Nicole, w ap bezwen ranpli de aplikasyon separe asistans pou katastwòf.