FEMA Ofri Konsèy pou Rekonstriksyon Gratis nan Magazen Amelyorasyon Kay Lokal yo

Release Date Release Number
DR-4466-TX NR 029
Release Date:
December 9, 2019

 

AUSTIN, Texas – Sivivan katastwòf ki afekte akoz gwo tanpèt ak inondasyon Tanpèt Twopikal Imelda yo, kapab al vizite magazen amelyorasyon kay yo nan Katy, Houston ak Spring apatide Lendi 9 desanm jiska Samdi 14 desanm, pou yo jwenn ti konsèy nan men ekspè nan domèn mitigasyon yo. Espesyalis Mitigasyon nan Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ap disponib pou reponn kesyon sou reparasyon kay, fè plan pou katastwòf, mete ekipman ansanm pou kreye twous ak enpòtans asirans inondasyon.

 

Asistans yo ap disponib nan adrès sa yo:

 

KONTE HARRIS

Lowe’s

9505 Spring Green Blvd.

Katy, TX 77494

Lendi - Samdi, 8 a.m. jiska 6 p.m.

 

Home Depot

5445 West Loop

Houston, TX 77081

Lendi - Samdi, 8 a.m. jiska 6 p.m.

 

Home Depot

6810 Gulf Freeway

Houston, TX 77087

Lendi - Samdi, 8 a.m. jiska 6 p.m.

 

Lowe’s

20201 N. IH 45

Spring, TX 77388

Lendi - Samdi, 8 a.m. jiska 6 p.m.

 

Nan semèn kap vini yo, pral gen plis aktivite sou mitigasyon nan magazen amelyorasyon kay nan konte ki te afekte akoz katastwòf la yo.

 

 

 

 

Suiv FEMA sou entènèt nan https://twitter.com/FEMARegion6,  www.fema.gov/blog, www.twitter.com/fema, www.twitter.com/FEMAespanol, www.facebook.com/fema, www.facebook.com/FEMAespanol ak www.youtube.com/fema

 

###

 

Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Asistans pou rekiperasyon nan ka dezas disponib san distenksyon ras, koule, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, nivo ann anglè osinon nivo ekonomik. Si ou menm oswa yon moun ou konnen te fè fas a diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362, vwa / VP / 711. Operatè ki pale plizyè lang disponib. Moun ki itilize TTY yo ka rele 800-462-7585.

 

Administrasyon Ti Komès Etazini se sous lajan prensipal gouvènman federal la pou rebati pwopriyete prive ki domaje nan katastwòf alontèm. SBA a ede biznis tout gwosè, òganizasyon ki p ap travay pou lajan, pwopriyetè ak lokatè finanse efò reparasyon ak rekonstriksyon epi li kouvri depans pou ranplase pwopriyete prive ki pèdi osinon andomaje nan dezas. Pou jwenn plis enfòmasyon, aplikan yo ka kontakte Sant Sèvis Kliyan Asistans pou Dezas SBA a nan 800-659-2955. Moun ki itilize TTY yo ka rele tou 800-877-8339. Epitou, aplikan yo ka voye yon imèl bay disastercustomerservice@sba.gov oswa vizite SBA nan www.SBA.gov/disaster disaster

 

Tags:
Dènye mizajou