NEW YORK – Moun ki viktim nan Ouragan Sandy gen jiska 7 p.m. samdi 22 desanm pou ale nan Sant Sekou pou Katastwòf nan Uniondale ki nan Konte Nassau.
Adrès sant lan se Mitchell Field Athletic Center, 1 Charles Lindbergh Blvd., Uniondale, NY 11553. Li te bay enfòmasyon ak èd fas-a-fas pou plis pase 400 moun viktim nan ouragan an depi 14 novanm. Orè a se ant 9 a.m. ak 7 p.m. jiska 22 desanm.
Ajans eta a ak Ajans Federal pou Jesyon Ijans ap kontwole kantite vizitè yo san pran souf nan tout Sant Sekou pou Katastwòf nan New York. Lè kantite vizitè yo diminye, yon sant ka chanje orè li pou montre kijan li satisfè pifò bezwen enfòmasyon moun ki viktim nan ouragan nan zòn nan.
Anplis sant Mitchell Field, gen sis (6) lòt Sant Sekou pou Katastwòf ki nan Konte Nassau pou ede moun ki afekte nan Ouragan Sandy. Men adrès sant sa yo:
Recreation and Ice Arena
700 Magnolia Blvd.
Long Beach, NY 11561
Orè: 9 a.m. jiska 6 p.m., Lendi-Samdi
9 a.m. jiska 3 p.m., Dimanch
Sacred Heart Parish
RR station parking lot
127 Long Beach Rd.
Island Park, NY 11558
Orè: 9 a.m. jiska 7 p.m., Lendi-Samdi
9 a.m. jiska 3 p.m., Dimanch
Cedar Creek Park
Merrick Rd. East
Seaford, NY 11783
Orè: 9 a.m. jiska 7 p.m., Lendi-Samdi
9 a.m. jiska 3 p.m., Dimanch
Marjorie Post Community Center
477 Unqua Rd.
Massapequa, NY 11758
Orè: 9 a.m. jiska 7 p.m., Lendi-Samdi
9 a.m. jiska 3 p.m., Dimanch
Young Israel
Gymnasium
859 Peninsula Blvd.
Woodmere, NY 11598
Orè: 9 a.m. jiska 3 p.m., Dimanch
8 a.m. jiska 6 p.m., Lendi-Jedi
8 a.m. jiska 2 p.m., Vandredi
Closed Sat
Freeport Recreation Center
130 E. Merrick Rd.
Freeport, NY 11520
Orè: 8 a.m. jiska 6 p.m., Lendi-Samdi
9 a.m. jiska 3 p.m., Dimanch
Pou jwenn sant ki pi pre ou, men chwa ki disponib yo: Voye tèks DRC ak yon Kòd Postal ba 43362 (4FEMA), epi n ap voye yon mesaj tèks ba ou avèk adrès la. Epitou, tcheke lokalizatè Sant Sekou pou Katastwòf nan sitwèb www.FEMA.gov/disaster-recovery-centers.
Moun yo kapab jwenn yon sant sekou – ak enskri tou pou jwenn èd FEMA – sou entènèt nan sitwèb www.DisasterAssistance.gov oswa nan telefòn entèlijan yo oswa nan tablèt enfòmatik yo depi yo ale nan sitwèb m.fema.gov oswa depi yo transfere aplikasyon FEMA. Yo ka rele 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585 tou. Moun ki itilize Relè 711 oswa Sèvis Relè Videyo (VRS) ta dwe rele 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo fonksyone 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn jouk lè gen lòt avi.
Ou kapab jwenn èd nan plizyè lang pou lang ki pa Angle ak Panyòl. Pou sa, ou dwe rele Liy Asistans Lang FEMA nan nimewo 866-333-1796. Liy yo louvri 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn jouk lè, gen lòt avi. Nou ofri asistans nan pifò lang pou ede ou avèk entèpretasyon, enskripsyon ak kesyon konsènan asistans pou katastwòf.
Asistans federal pou katastwòf pou moun ak fanmi yo kapab gen ladan lajan pou asistans pou lokasyon, reparasyon enpòtan nan kay, pèt byen pèsonèl, ak lòt bezwen serye ki asosye avèk katastwòf ki pa garanti nan asirans.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou akòz katastwòf nan New York, ale sou Entènèt nan sitwèb www.fema.gov/disaster/4085, http://twitter.com/FEMASandy, www.facebook.com/FEMASandy ak www.fema.gov/blog.

